Konsènan Bousdetid Basil ak Portia Paterson an
Bousdetid Basil ak Portia Paterson an bay ekolaj ak sipò finansye pou travayè swen lakay ki enskri nan kolèj ak pwogram sètifikasyon sante alye. Prim yo baze sou yon pwosesis evalyasyon konpetitif epi si yo akòde yo, yo ka itilize pou peye jiska 9 kredi pa semès. Piske nou rekonèt difikilte reyèl travayè swen lakay nou yo souvan rankontre pandan y ap pouswiv objektif akademik ak karyè yo, bousdetid la gen ladan yon lajan kach pou chak tèm akademik bay resous pou kouvri frè ekolaj ak kolèj, transpòtasyon, depans pou gadri ak, kote sa aplikab, pri kou revizyon pou egzamen lisans.
Pwogram nan pote non Basil A. Paterson, ki te gen yon plas espesyal nan kè l pou travayè swen lakay sendika a. Mesye Paterson te yon avoka dwa travay pandan plis pase 45 ane epi li te yon ansyen Sekretè Deta Nouyòk. Li te pase 20 ane kòm avoka pou 1199SEIU Travayè swen lakay ak lopital.
Pou plis enfòmasyon sou Karyè k ap parèt, Sètifika ak Pwogram Bousdetid, tanpri kontakte Frances Sadler nan Frances.Sadler@1199Funds.org.
Fè yon don
Tanpri vin jwenn nou pou onore memwa defen Basil Paterson lè w fè yon don nan Fon Bousdetid Basil Paterson pou Travayè Swen Lakay. Pwogram Bousdetid Basil ak Portia Paterson an bay lajan pou etid ak sipò finansye pou travayè swen lakay ki enskri nan kolèj ak pwogram sètifikasyon sante alye. Don ou a ap ede amelyore sèvis swen sante yo lè li sipòte objektif edikasyonèl travayè swen lakay yo.
W ap itilize yon navigatè demode.
Pou fè don, tanpri itilize yon navigatè aktyèl, tankou Chrome, Edge, Firefox oswa Safari.




