Konsènan Fon Swen Timoun yo

Nan yon moman kote fanmi yo kontinye ap lite ak defi ekonomik pou elve ak edike pitit yo, 1199SEIU Manm yo ka konte sou Fon Gadri Timoun yo pou ofri aksè a pwogram ak sèvis kalite siperyè ak abòdab pou pitit yo depi nesans rive nan laj 17 an atravè benefis gadri, enfòmasyon ak referans. Benefis Fon Gadri Timoun yo anglobe yon pakèt pwogram ak sèvis, tankou gadri, bon pou kan apre lekòl ak kan pandan ete, pwogram kiltirèl ak atistik samdi, pwogram jou ferye pandan vakans lekòl, pwogram akademik pou adolesan pandan tout ane a ak estaj travay pandan ete (WorkForce 2000), preparasyon pou SAT, ak edikasyon preskolè kalite siperyè nan Sant Aprantisaj Future of America nou an.

Kòporasyon Gadri Timoun

The 1199SEIU/Employer Child Care Corporation (CCC) se yon òganizasyon san bi likratif 501(c)3 ki te fonde an 1998 epi ki dedye a amelyore kalite lavi fanmi ak kominote k ap travay yo. Pou ede fanmi sa yo, Kòporasyon an ankouraje devlopman ki an sante timoun ak jèn yo lè li bay yon anviwònman edikasyonèl kalite siperyè kote yo pwospere pandan tout etap devlopman yo.