Distribisyon Benefis

Fon Gadri Timoun nan distribye benefis yo selon istwa benefis ak ansyente manm yo:

  • Manm yo jwenn yon istwa benefis ak CCF la yon fwa yo itilize yon pwogram CCF.
  • Yo gwoupe manm yo selon dènye ane yo te resevwa yon benefis ak selon ansyente yo.
  • Manm ki pa gen okenn istwa benefis (anjeneral manm k ap aplike pou premye fwa) gen priyorite sou moun ki gen istwa benefis.
  • Y ap konsidere manm ki gen istwa benefis ki pi resan yo apre tout lòt moun yo.

Pwosesis distribisyon benefis yo kòmanse avèk manm ki pa gen okenn istwa benefis epi li kontinye rive jiska manm ki gen istwa benefis jiskaske lajan ki nan bidjè a fin depanse. Nan fen pwosesis distribisyon benefis la, Fon Gadri Timoun yo ap avize manm yo sou rezilta yo alekri. Lèt sou Sitiyasyon Pwogram nan ap voye pa lapòs bay tout manm ki resevwa yon benefis. Lèt sou Sitiyasyon Pwogram nan ap dekri an detay pwochen etap ki nesesè pou reklame benefis yo te resevwa a.