Elijibilite pou Gadri Timoun pou Manm Fon Vil la

Èske ou kalifye pou benefis Fon Gadri Timoun?

Anjeneral, ou kalifye pou benefis atravè 1199SEIU/Fon pou Edikasyon, Swen Timoun ak Granmoun Vil Nouyòk si ou:

  • Travay a plen tan oswa a tan pasyèl (yon minimòm 70 èdtan nan yon sik 28 jou) nan yon konpayi k ap patisipe 1199SEIU ajans/etablisman oubyen yo fè pati yon inite negosyasyon kolektif ki kontribye nan Fon Swen Timoun (CCF);
  • Fòk ou fin pase peryòd esè yon ane a nan kote w ap travay la;
  • Pa sou konpansasyon travayè pou plis pase 26 semèn;
  • Legalman responsab (pa nesans oswa adopsyon) pou timoun ki gen ant nesans ak laj 17 an;
  • Te peye tout balans kopeman anvan yo ak depans benefis CCF taksab yo; epi
  • Ranpli yon aplikasyon pou pwogram nan; bay prèv travay ak depandans timoun(yo); epi soumèt tout dokiman ki nesesè yo anvan dat limit enskripsyon an, anjeneral 31 oktòb.Vizite paj enskripsyon nou an pou enfòmasyon sou pwogram yo epi pou wè dat limit ane sa a.)

Pou plis enfòmasyon sou kalifikasyon oswa distribisyon benefis gadri, kontakte nou nan CCFReg@1199Funds.org or (212) 564-2220.

Nou rekòmande tou pou ou revize direktiv enskripsyon yo anvan ou aplike pou benefis yo.