Elijibilite pou Gadri Timoun pou Manm GNY yo

Èske ou kalifye pou benefis Gadri Timoun?

Anjeneral, ou kalifye pou benefis atravè Fon Gadri Timoun (CCF) la si ou:

  • Travay a plen tan oswa a tan pasyèl (twa senkyèm nan yon semèn travay) nan yon konpayi k ap patisipe 1199SEIU enstitisyon oubyen yo fè pati yon inite negosyasyon kolektif ki kontribye nan CCF la;
  • Fòk ou fin pase peryòd esè 90 jou a nan kote w ap travay la;
  • Te peye tout balans kopeman anvan yo ak depans benefis CCF taksab yo;
  • Pa sou konpansasyon travayè, andikap kout tèm oswa Konje Fanmi Peye Eta New York pou plis pase 26 semèn konbine;
  • Legalman responsab (pa nesans oswa adopsyon) pou timoun ki gen ant nesans ak laj 17 an; epi
  • Ranpli yon aplikasyon pou pwogram nan; bay prèv travay ak depandans timoun(yo); epi soumèt tout dokiman ki nesesè yo anvan dat limit enskripsyon an, anjeneral 31 oktòb.Vizite paj enskripsyon nou an pou enfòmasyon sou pwogram yo epi pou wè dat limit ane sa a.)

Pou plis enfòmasyon sou kalifikasyon oswa distribisyon benefis, kontakte nou nan CCFReg@1199Funds.org or (212) 564-2220.

Tcheke si etablisman ou an se yon anplwayè patisipan

Nou rekòmande tou pou ou revize direktiv enskripsyon yo anvan ou aplike pou benefis yo.