Patisipe ak Fon Swen Timoun yo
Komite Konsiltatif pou Swen Timoun nan
Komite Konsiltatif pou Swen Timoun nan konpoze de 1199SEIU manm ki soti nan enstitisyon patisipan yo ki ede mete an plas pwogram Fon yo nan divès kominote, ki aji kòm lyezon ant enstitisyon yo ak Fon yo, ki bay Fon yo fidbak enpòtan sou pwogram yo itilize yo, epi ki ede enskri manm yo pandan peryòd enskripsyon an.
Responsablite Komite Konsiltatif la gen ladan yo:
- Reyinyon chak mwa
- Enfòme nouvo manm ak manm aktyèl yo nan pwogram Fon Gadri Timoun yo
- Bay fidbak sou bezwen swen timoun manm yo pou asire kapasite yo pou balanse travay ak fanmi.
Nou ankouraje w pou ban nou opinyon w konsènan pwogram gadri ou bezwen yo, ak fason nou ka pi byen sèvi w. Si w enterese pou w vin yon manm Komite Konsiltatif oswa Komite Lokal la, ou kapab kontakte nou sou entènèt or telechaje fòm rekritman anOu kapab kontakte nou tou nan (212) 564-2220.
Antre nan Komite Konsiltatif la
Reyinyon Komite Konsiltatif kap vini yo
- Pa gen okenn aktivite gadri ki pwograme pou kounye a. Pou plis enfòmasyon, kontakte childcare@1199Funds.org oubyen (212) 564-2220.