Ou envite nan reyinyon chapit mansyèl nou yo

Nou espere w ap renmen reyinyon sa yo, sèvi ak yo pou konekte ak zanmi, pran nouvèl Fon yo epi jwenn enfòmasyon sou benefis retrèt ou yo. Nou òganize reyinyon chapit an pèsòn nan plizyè kote, epi tout lòt chapit yo reyini sou entènèt atravè Zoom. Tanpri gade lis yo sou sit nou an. Paj Aktivite pou Retrete yo epi fè plan ou pou w patisipe an pèsòn oubyen rantre nan reyinyon an lè w tape lyen Zoom ki nan navigatè entènèt ou a epi antre ID reyinyon an ak kòd aksè a lè yo mande w. Ou kapab rantre nan reyinyon an tou lè w itilize nimewo telefòn ki anba chapit ou a.

Pap gen reyinyon chapit nan mwa Out la.