Pwogram Atizay Kiltirèl

Pou laj 5 - 17

Pou diminye pwoblèm gadri pou manm kalifye ki travay wikenn yo, nou ka kouvri depans pou klas samdi konplè pou pitit ou yo pandan ane lekòl la.

Klas yo tipikman ofri dans, mizik, teyat, atizana, atizay masyal, preparasyon pou SAT, leson patikilye ak anpil plis. Gen sèlman de kondisyon: Ou dwe itilize youn nan founisè gadri ki gen kontra, epi gen yon kopeman $100.

Gade Founisè Gadri Timoun yo

Si ou jwenn yon founisè wikenn ki pa youn nan founisè nou yo ki gen kontra avèk yo, ou ka kalifye pou Pwogram Alokasyon pou Atizay Kiltirèl la. Si tout kritè founisè yo satisfè, yo ka ranbouse w pou yon pati nan pri pwogram nan oswa pou tout pri a jiska yon maksimòm $1,200.

Pou kalifye pou Pwogram Stipend pou Atizay Kiltirèl la, ou dwe jwenn yon founisè ki:

  • Gen yon nimewo idantifikasyon taks
  • Dwe dirije yon enstitisyon atistik, lwazi oswa edikasyonèl etabli pou plis pase dezan
  • Ofri pwogram atistik, lwazi oswa edikasyonèl ki apwopriye pou laj timoun ki gen ant senk ak 17 an, epi
  • Gen deskripsyon kou yo etabli ak yon barèm frè.

Pou plis enfòmasyon, imèl nou nan ChildCare@1199Funds.org oswa rele (212) 564-2220.