Brightline ofri swen sante mantal pou timoun ak adolesan epi sipò pou paran yo.

Ou konnen pitit ou pi byen pase nenpòt lòt moun. Men, lè li rive bagay tankou depresyon, enkyetid, ADHD, OCD oswa otis, li fasil pou ou pa sèten kijan pou ede.
Ou 1199SEIU Fon Benefis yo ap ofri yon nouvo fason pou ede w navige nan pwosesis difisil pou w jwenn bon sipò a.
Gras a patenarya nou avèk Brightline, ou gen aksè an pèsòn ak vityèl kounye a ak yon ekip terapis ak sikològ devwe pou pitit ou a. Brightline gen yon klinik sante mantal pedyatrik ki cho e akeyan nan Brooklyn Heights, epi de lòt k ap ouvri otòn sa a nan Lake Success (Long Island) ak Columbus Circle (Manhattan).
Avèk Brightline, ou ka konte sou:
- Aksè a sesyon terapi an pèsòn ak vityèl, jesyon medikaman ak tès sikolojik pou evalye bagay tankou otis, pwoblèm aprantisaj ak don.
- Ekspè pedyatrik ki gen anpil eksperyans nan ede timoun ki gen pwoblèm sante mantal akòz enkyetid, depresyon, lapenn, chòk, OCD oswa ADHD.
- Sipò pou tout fanmi an—atik, egzèsis dijital, kominikasyon ouvè ak devwa, tout ansanm pou ranfòse konpetans yo aprann ant sesyon terapi yo.
Swen kòmanse avèk yon evalyasyon byen reflechi epi paran yo oswa moun k ap pran swen yo patisipe nan kreyasyon yon plan swen ki adapte ak bezwen ak objektif chak timoun.
Li senp pou kòmanse. Vizite brightline.com oubyen rele (888) 255-1329 jodi a.