1199SEIU Sant Aprantisaj Future of America (FALC) Fon Gadri Timoun yo selebre 30yèm Fwa Syans Anyèl li a

Fwa syans ane sa a te santre sou tèm nan "Kijan resipyan ak machin senp ede nou nan lavi chak jou nou?" ki reflete etid Kourikoulòm Kreyatif yo ke klas Preskolè, 3K ak Pre-K yo te eksplore ak selebre. Jèn elèv FALC yo, ki gen laj 2 a 5 an, te antame yon vwayaj syantifik enteresan pandan y ap eksplore enpak resipyan ak machin senp sou lavi chak jou nan mond ki antoure yo a.

Pandan tout etid la, yo te ankouraje elèv yo pou yo eksplore tèm nan yon fason kreyatif epi pou yo fè koneksyon ki gen sans ak lavi reyèl atravè eksperyans pratik ak sansoryèl. Dekouvèt yo te touche dirabilite, evènman aktyèl, teknoloji ak envansyon, pwofesyon ki gen rapò ak konsèp sante. Envestigasyon yo te fèt nan salklas yo nan Laboratwa STREAM ki sou plas FALC la. (STREAM vle di Syans, Teknoloji, Relasyon, Jeni, Atizay ak Matematik.)

Chak ane, eksperyans fwa syans lan bay timoun yo opòtinite enpòtan pou kolabore ak kamarad klas yo, pwofesè yo ak fanmi yo atravè pwojè ak ekspozisyon ki baze sou STREAM. Elèv yo patisipe nan eksperyans pratik, teste ipotèz, devlope ladrès panse kritik ak analitik, epi prezante rezilta yo avèk fyète.

FALC fyè dèske li se yon pwogram ki fonksyone byen epi ki angaje nan enspire aprantisaj transfòmatè ak chanjman pozitif. Fwa syans anyèl FALC a se yon poto mitan kourikoulòm li yo ak efò angajman fanmi yo, li mete aksan sou kalite pwosesis aprantisaj la ak entèraksyon ki gen sans olye de pwodwi final la. Eksperyans lan reflete filozofi li ki se "Pou nou vin chanjman nou vle wè a."

FALC bay edikasyon ak gadri timoun abòdab ak kalite siperyè pou fanmi k ap travay nan Bronx la. Pwogram nan sèvi ak yon apwòch pratik ki baze sou jwèt pou sipòte devlopman timoun yo tout pandan l ap ankouraje kreyativite, konfyans ak lanmou pou aprantisaj.

Pou plis enfòmasyon sou FALC, tanpri vizite Paj FALC la.