Atelye prenatal nou yo an dirèk e sou demann.

Kit se premye pitit ou oswa twazyèm pitit ou, seri videyo prenatal sou entènèt nou an ka ofri w sipò. Sijè popilè yo enkli sa pou w atann lè dat akouchman w lan apwoche ak kijan pou w pran swen tèt ou ak tibebe w la apre akouchman an. Men, nou gen yon bibliyotèk konplè kou ki disponib pou ou gade nenpòt ki lè ak nenpòt kote ki bon pou ou. Donk, tcheke li jodi a!
Atelye Live kap vini
Mande Ekspè a: Konnen Benefis ou yo, Konnen Dwa ou yo
Samdi, 7 jen, a 10:00 am
Aprann plis bagay sou benefis prenatal ou yo, dwa ou antanke paran ki ap fè pitit, ak plis ankò nan atelye sa a. Kowòdonatè sèvis piblik yo ap disponib pou reponn kesyon espesifik sou benefis yo epi Abbe Kirsch, yon enfimyè-fanmsaj sètifye, ap la pou reponn tout kesyon medikal ou yo.























