Pote nouvo seri sante mantal NAMI-NYC nou an!

Nou pote nouvo seri sante mantal NAMI-NYC nou an pou ou.

Si oumenm oswa yon moun ou renmen bezwen sipò sante mantal, men pa konnen ki kote pou kòmanse, Benefit Fund yo te fè patenarya ak National Alliance on Mental Illness (NAMI-NYC) pou yon seri entèaktif sou entènèt sante lespri. Seri a konsantre sou konsyans sante mantal epi li bay resous ak koneksyon ou ka konte sou yo. Li pa dwe difisil pou jwenn bon èd sante mantal. Gade orè ak deskripsyon ki anba yo epi enskri pou yon atelye prentan jodi a!