Sispèk Fwòd oswa Abi? Rapòte li bay Fon an!

Pifò founisè swen sante yo merite konfyans epi yo angaje nan swen santre sou pasyan an, men tankou nan nenpòt gwo endistri, erè ka fèt, epi kèk founisè ka menm eseye pwofite sistèm nan. Pou ede pwoteje tèt ou ak Fon an kont fwod ak abi, sonje li deklarasyon Eksplikasyon Benefis ou yo (EOB) ak anpil atansyon lè ou resevwa yo nan lapòs (oswa itilize Kont Mwen an pou revize aktivite reklamasyon ou yo sou entènèt), epi asire w ke swen ou te resevwa a faktire kòrèkteman. Si ou remake yon bagay ki dwòl sou deklarasyon EOB ou yo oswa lè ou jwenn aksè nan Kont Mwen an, tankou chaj pou sèvis ou pa t resevwa, oswa si ou kwè yon founisè te mal itilize benefis Fon an pou nenpòt ki rezon, tanpri voye yon imèl bay liy enfòmasyon nou an nan BenefitFraud@1199Funds.org oubyen rele Liy Dirèk Fwòd ak Abi nou an nan (646) 473-6148. Si ou vle, ou ka rapòte sispèk fwòd anonimman. Avèk èd ou, nou ka prezève lajan swen sante ki gen anpil valè epi pwoteje tout benefis manm nou yo.