DEZYÈM SEZON nan podcast nou an ap vini byento!

Nou Sante se kle a Podcast la ap fini premye sezon li a epi dezyèm sezon an pa lwen rive.
Nan premye sezon an, nou te difize kèk epizòd enteresan, tankou youn ki te pase dènyèman avèk envite espesyal Marcus Samuelsson, chèf primée a, restauratè, otè ak aktivis la. Chef Samuelsson te pase pataje pi bon souvni vakans li yo, lanmou li pou mache kiltivatè yo ak kèk engredyan nou tout ta dwe konnen pi byen.
Sante se kle a dedye a nou menm, travayè swen sante nou yo. Lè w branche pou dezyèm sezon an, w ap tande plis enfòmasyon dènye kri nan men ekspè medikal nan endistri nou an, pwofesyonèl sante mantal ak lòt lidè nan domèn sante pou motive w nan vwayaj sante w la.
Men tann: Premye sezon an poko fini! Mwa sa a, Dr. Karinn Glover, Pwofesè Asistan nan Sikyatri nan Kolèj Medsin Albert Einstein, ap pale sou teknik pou jere strès pandan sezon fèt yo. Si ou te rate epizòd sa a oswa nenpòt nan epizòd anvan nou yo, ou ka konekte sou Sante se kle a.




























