Teladoc Health: Swen ou bezwen nan konfò lakay ou

Prensipal 360
Si ou bezwen konvenyans pou wè yon doktè swen prensipal (PCP) sou entènèt, Teladoc Health Primary360 ofri egzamen anyèl ak swen prevantif. Founisè yo dyagnostike epi trete pwoblèm sante, ede ou jere maladi kwonik, preskri medikaman epi bay referans pou espesyalis nan rezo a.
Swen 24/7
Evite sal dijans lan oswa sant swen ijans lan pou pwoblèm ki pa ijans. Al wè yon klinisyen pa telefòn oswa videyo.
- Jwenn yon dyagnostik ak tretman rekòmande pou grip ak rim, lafyèv, antors ak fouli, doulè nan do, gratèl ak plis ankò.
- Jwenn yon preskripsyon pou medikaman, si ou bezwen li.
Sante Mantal
Kontakte yon terapis ki gen lisans Teladoc Health lakay ou pou bagay tankou kontwole strès ak enkyetid, jere depresyon, jere pwoblèm relasyon ak fanmi, fè fas ak pwoblèm travay, geri chòk sot pase yo ak simonte surmenaj.
Dermatology
Fè yon dèrmatològ Teladoc Health ki gen lisans evalye pwoblèm po ou yo. Ou ka resevwa èd pou akne, gratèl, ekzema, rosacea ak plis ankò.
Vizite www.Teladoc.com pou kreye yon kont epi kòmanse, oubyen rele (800) TELADOC (835-2362).
























