Elèv WF2 yo prepare pou travay pandan ete a avèk SYEP

Resaman, WorkForce (WF2) te òganize de sesyon preparasyon ak fòmasyon pou elèv k ap aplike pou Pwogram Anplwa pou Jèn pandan Lete a (SYEP), sa te atire plis pase 60 patisipan.
Pandan sesyon yo, anplwaye yo te travay avèk elèv yo pou amelyore konpetans ki t ap prepare yo pou travay ete yo. Kèk pwen enpòtan:
- Elèv yo te fin ranpli papye ki rete yo te bezwen pou yo te ka kontinye nan pwosesis SYEP la.
- Anplwaye yo te konseye elèv yo sou kijan pou yo abiye yon fason pwofesyonèl nan espas travay la—epi sa pou yo evite.
- Elèv yo te pratike konpetans yo atravè entèvyou similasyon ak potansyèl sit travay, sa ki te ede yo bati plis konfyans nan tèt yo.
- Anplwaye yo te revize pwosesis enskripsyon pou depo dirèk la avèk elèv yo pou yo ka pare lè travay la kòmanse.


The 1199SEIU Child Care Corporation asosye avèk Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè Vil Nouyòk (DYCD) pou bay opòtinite sa a bay patisipan WF2 ki kalifye yo atravè SYEP. Pandan yon reyinyon DYCD vityèl, manadjè pwogram DYCD a, Adam Zaman, te felisite ekip WF2 a, li te fè lwanj pou travay solid yo ak preparasyon byen panse yo.
Atravè SYEP, yon gwoup patisipan WF2 ki kalifye yo pral jwenn yon travay ete peye pandan sis semèn, soti Jiyè rive Out. Eksperyans lan ap kontinye ak kou akademik samdi ki ap dewoule soti Septanm rive Jen—sa ap ede elèv yo rete sipòte, angaje epi sou bon chemen pou reyisi.


























