Chwazi benefisyè w la—moun benefis pansyon w ap ale kote w si w ta mouri—se youn nan desizyon ki pi grav w ap pran lè w pran retrèt ou. Konseye Pansyon Fon ou a la pou eksplike opsyon ou yo epi ede w fè chwa ki pi bon pou ou.
W ap gen plizyè chwa pou w fè, selon konbyen lajan ou vle nan chèk pansyon w lan chak mwa epi si ou vle bay mari oswa madanm ou oswa yon lòt benefisyè apre ou mouri.
Ou ka vle resevwa plis lajan nan chèk ou chak mwa epi fè benefis ou yo fini lè ou mouri. Oswa, si ou vle bay mari oswa madanm ou oswa yon lòt moun ou renmen, ou ka chwazi yon peman mansyèl ki pi ba pou benefis yo ka kontinye apre lanmò ou.
Pou pran yon randevou pou diskite sou opsyon benefisyè ou yo, kontakte nou sou entènèt oswa rele Depatman Pansyon nan (646) 473-8666