Kijan pou w Ranpli Opsyon Pansyon w ak Fòm Benefisyè w la
Fon Pansyon Greater New York
Felisitasyon pou retrèt ou! Aplike pou benefis pansyon ou se yon pati enpòtan nan pwochen faz ou nan lavi a, epi ranpli Fòm Opsyon Pansyon ak Benefisyè ou a ap ede ou konplete pwosesis la. Videyo "kijan pou fè" sa a ap gide ou nan ranpli fòm lan.
Anvan ou gade videyo a epi ranpli fòm ou an:
Èske ou te gade "Epizòd Senk: Ki Opsyon Pansyon Mwen Genyen?", ki fè pati seri Konseye Pansyon Vityèl la?
Videyo kout sa a eksplike opsyon ki disponib nan fason yo peye pansyon ou an. Ou pral oblije endike chwa opsyon pansyon ou lè w ap ranpli Fòm Opsyon Pansyon ak Benefisyè a. Li enpòtan pou w konprann opsyon ki disponib pou ou paske yon fwa ou fin fè chwa w la epi pansyon w lan kòmanse, ou pa ka chanje li.
Pare pou gade? Chwazi opsyon ki pi byen dekri ou a epi kòmanse!
Mwen marye.
Mwen selibatè.
Nou vle tande nouvèl ou! Tanpri pran yon minit pou ranpli ti sondaj sa a konsènan videyo ou sot gade a.