Bay Founisè Swen Sante Aksè a Enfòmasyon Medikal Ou

Si ou janm te fè yon aksidan epi ou pa t ka pale pou tèt ou nan yon sal dijans, èske li pa t ap bon pou ou konnen ke founisè swen sante k ap pran swen ou yo gen enfòmasyon medikal ou yo a pòte men yo? Kounye a, ou ka konekte sou MyAccount pou bay konsantman w pou pèmèt doktè, enfimyè ak lòt pwofesyonèl sante jwenn aksè nan dosye medikal ou a atravè Healthix, yon lidè nan sèvis echanj enfòmasyon sou sante.

Enfòmasyon ou yo—enfòmasyon vital ki ka sove lavi ou—ap disponib nenpòt ki lè, nenpòt kote ou bezwen swen. Pou plis enfòmasyon, vizite www.Healthix.org.

Poukisa ou ta dwe bay Healthix konsantman ou?

  • Amelyore kalite swen ou an jeneral
  • Ede evite plizyè tès ak laboratwa
  • Diminye chans pou entèraksyon dwòg ak reyaksyon alèjik
  • Akselere kominikasyon ant tout doktè ak moun kap bay swen ou yo
  • Amelyore kowòdinasyon swen

Konekte sou MyAccount pou bay Healthix konsantman