Benefis Dantè pou Manm Swen Lakay yo
Lè w chwazi founisè k ap patisipe nan rezo Fon Benefis Swen Lakay la, w ap resevwa bon jan kalite swen san w pa peye pou chèk yo ak sèvis debaz yo, epi w ap peye sèlman yon ko-peman minim pou gwo sèvis restorasyon.
Jwenn yon Dantis k ap patisipe atravè Healthplex
Swen debaz ak prevantif
Ou kouvri nèt pou:
- Egzamen de fwa pa ane;
- Pwofilaksi (netwayaj) de fwa pa ane;
- Yon seri konplè radyografi dyagnostik nan yon peryòd twazan; epi
- Radyografi nesesè pou fè dyagnostik yon maladi espesifik oswa blesi.
Gwo Swen Reparasyon
Gen yon kopeman pou gwo sèvis ki gen ladan:
- Parodontik (tretman maladi jansiv), sijè a yon limit senk ane;
- Endodontik (tretman nan sistèm nè nan dan an);
- Pwotèz detachable (pwotèz pasyèl ak konplè), sijè a yon limit senk ane; epi
- Kouwòn ak travay pon, ki gen ladan ranplasman nenpòt pwotèz ki egziste deja, travay pon, kouwòn oswa restorasyon lò, sijè a yon limit senk ane.
Nan Ka Ijans
Nan ka yon Ijans, tanpri kontakte dantis prensipal ou. Si ou pa kapab kontakte dantis prensipal ou epi ou gen yon Ijans, rele Healthplex nan (800) 468-0600 pou non yon founisè nan zòn ou an.
