Pwogram ankourajman etid

Pou moun ki te resevwa prim Pwogram Bousdetid Joseph Tauber 2025-2026 la

Dat limit 2025-2026

Dokiman pou soumèt

Fen ane lekòl la men pa pita pase 17 Jiyè 2026 (Vandredi)
  • Transkripsyon ofisyèl 2025-2026 la, si elèv la:
    • Kenbe estati aplentan;
    • Resevwa yon bousdetid Joseph Tauber pou ane 2025–2026 la; epi
    • Resevwa yon mwayèn jeneral (GPA) 3.0 oswa plis nan tou de semès Otòn 2025 la ak semès Prentan 2026 la oswa nenpòt nan semès yo.
Si Rejisrè kolèj ou a ka voye yon imèl bay yon transkripsyon ofisyèl dirèkteman ban nou, ba yo adrès imel nou an: 1199JTSP@1199Funds.orgSi ou pa ka voye imèl, voye l pa lapòs nan adrès sa a:
1199SEIU Kòporasyon Gadri Timoun
Pwogram bous Joseph Tauber
498 Seventh Avenue, 5th Floor
New York, NY 10018

Elèv ki te patisipe nan yon pwogram etid aletranje pandan ane akademik 2025-2026 la ak elèv ki gen tèm fini an jen/jiyè, ta dwe rele nou nan (212) 564-2220 oswa voye yon imèl ba nou nan 1199JTSP@1199Funds.org anvan dat limit la se vandredi 17 jiyè 2026.

Deklarasyon taks

Selon règ ak règleman Sèvis Revni Entèn (IRS), Fon yo konsidere benefis Bousdetid Joseph Tauber la kòm "salè taksab". Si pitit yon manm resevwa yon bousdetid, valè bousdetid la dwe enkli nan deklarasyon taks manm nan lè l ap ranpli taks ane annapre a.

Kontakte nou

Imel nou nan 1199JTSP@1199Funds.org oswa rele nou nan (212) 564-2220.

Reponn yon demann an doub pa imèl ak mesaj vokal ogmante reta yo. Pou ede nou diminye reta yo, tanpri voye demann ou an pa imèl. or mesajri, pa tou de.