Pwogram Bousdetid Fon Asistans Enfimyè Pratik ki Lisansye
Pwogram Bousdetid Fon Byennèt pou Enfimyè Pratik Lisansye (LPN) bay bousdetid bay pitit manm ki kalifye yo k ap ale nan kolèj bakaloreya akredite. Elèv yo resevwa $1,500 pa ane akademik. Bousdetid LPN yo ka itilize pou peye bagay tankou liv, depans pèsonèl, transpò ak lajan pou peye lekòl, epitou pou diminye balans prè elèv yo. Elèv yo kapab resevwa tou $1,500 anplis lè yo enskri nan yon pwogram etid ki gen rapò ak swen sante.
Ou ka mande Fòm Aplikasyon Ofisyèl la ak Fòm Otorizasyon Kolèj la lè w rele Biwo Bousdetid la nan (212) 564-2220 oubyen lè w voye yon imèl ba nou nan 1199JTSP@1199Funds.org.
Pwogram Bousdetid Karyè Swen Sante Pwochen Jenerasyon Fon Byennèt LPN
Pwogram Bousdetid Karyè Swen Sante Pwochen Jenerasyon an bay bousdetid bay pitit manm ki kalifye k ap travay pou jwenn yon diplòm nan karyè swen sante ki gen yon egzijans klinik pou jwenn diplòm nan ak sètifikasyon an. Elèv ki nan faz klinik yon Pwogram Karyè Swen Sante aplentan, de oswa kat ane ki baze sou kolèj ka kalifye pou yon bousdetid anyèl $2,750 pou jiska dezan. Moun ki resevwa yo kapab aplike tou pou jiska $500 an ranbousman pou ede peye yon kou revizyon pou egzamen lisans yo.
Kondisyon Kalifikasyon
Manm yo dwe:
Elèv k ap aplike yo dwe:
Enfòmasyon enpòtan sou prim yo
Yo pa renouvle bous yo otomatikman; moun ki resevwa bous yo dwe reaplike chak ane pou yo ka konsidere yo.
Tanpri sonje: Moun ki resevwa bousdetid LPN yo ka resevwa yon prim pou yon maksimòm kat ane.
Deklarasyon taks
Pwogram Bousdetid LPN lan fè pati Pwogram Bousdetid Joseph Tauber (JTSP) ki pi laj la. Selon règ ak règleman Sèvis Revni Entèn (IRS), Fon an konsidere benefis LPN lan kòm "salè taksab". Si pitit yon manm resevwa yon bousdetid, valè bousdetid la dwe enkli nan deklarasyon taks manm nan lè l ap ranpli taks ane apre a.
Kontakte nou
Imel nou nan 1199JTSP@1199Funds.org oubyen rele nou nan (212) 564-2220. Ede nou diminye reta yo: Tanpri soumèt demann ou yo pa imèl. or mesajri, pa tou de.