Nan dat 13 desanm 2012, anviwon 450 moun te patisipe nan konferans lan, “Geri apre tanpèt la: Rebati kominote a,” ki te fèt pou bay sipò ak resous bay patisipan yo ki t ap refè toujou apre efè siklòn Sandy. Youn nan pi bon moman evènman an sete tande anplwaye nan Menorah Nursing Home sou fason yo te pran swen rezidan yo ak youn lòt pandan dlo lapli a t ap monte nan dezyèm etaj etablisman an, sa ki te lakòz yon pèt kouran epi finalman evakyasyon plis pase 80 rezidan. Manm pèsonèl yo te mete aksan sou enpòtans travay ann ekip ak pratike egzèsis preparasyon pou ijans. Kevin Finnegan, Direktè Politik 1199SEIU, epi Carol Rodat, Direktè Politik PHI nan Nouyòk, te bay patisipan yo enfòmasyon enpòtan sou chanjman regilasyon ki pral gen enpak sou tout mezon retrèt an 2013. Patisipan yo te resevwa enfòmasyon tou nan men Ajans Federal pou Jesyon Ijans, Lakwa Wouj ak 1199SEIU Pwogram Asistans pou Manm yo.

Materyèl atelye