Elijibilite pou benefis sante ak lòt benefis pou manm Fon Benefis Nasyonal la
Anjeneral, manm yo kalifye pou benefis apre yo fin travay pou yon anplwayè ki kontribiye pandan 90 jou oswa plis, epi anplwayè a te fè kontribisyon nan Fon an pandan 30 jou oswa plis.
Klas Salè
Si w travay aplentan, nivo benefis ou nòmalman Klas Salè I.
Si w ap travay a tan pasyèl, nivo benefis ou a se:
- Klas Salè I — si ou touche 100 pousan nan salè minimòm aplentan an; oswa
- Klas Salè II — si ou touche omwen 60 pousan, men mwens pase 100 pousan, nan salè minimòm aplentan an; oswa
- Klas Salè III — si ou touche mwens pase 60 pousan nan salè minimòm aplentan an
Si ou gen kesyon sou kalifikasyon ou, rele Fon an nan (646) 473-9200.