Elijibilite pou Benefis Sante ak Lòt Benefis pou Fon Benefis Nasyonal pou Manm Rochester yo

Anjeneral, manm yo kalifye pou benefis apre yo fin travay pou yon anplwayè ki kontribiye pandan 90 jou oswa plis, epi anplwayè a te fè kontribisyon nan Fon an pandan 30 jou oswa plis.

Klas Salè

  • Si w ap travay aplentan, nivo benefis ou an jeneralman Klas Salè I.

Si w ap travay a tan pasyèl, nivo benefis ou a se:

  • Klas Salè I — si ou touche 100 pousan nan salè minimòm aplentan an
  • Klas Salè II — si ou touche omwen 60 pousan men mwens pase 100 pousan nan salè minimòm a plen tan an
  • Klas Salè III — si ou touche mwens pase 60 pousan nan salè minimòm aplentan an.

Si w nan Klas Salè I oswa II, ou kalifye pou asirans Fanmi. Sa vle di ou menm, mari oswa madanm ou (oswa patnè menm sèks ou) ak pitit ou yo, si yo kalifye, ka resevwa benefis nan Fon Benefis la.

Si w nan Klas Salè III, se ou menm sèlman (manm nan) ki ka resevwa benefis yo. Konjwen w (oswa patnè menm sèks ou) ak pitit ou yo pa kalifye pou pwoteksyon nan Fon Benefis la.

Si ou gen kesyon sou kalifikasyon ou, rele Fon an nan (646) 473-9200.

Chèche konnen plis bagay sou benefis sante ou yo