Pwogram Bousdetid pou Atizay Kiltirèl (CASP)

CCC ofri alokasyon pou patisipasyon nan pwogram atistik kiltirèl. Manm yo dwe jwenn pwòp founisè pa yo ki:
- Bay sèvis nan wikenn, jou lasemèn ak/oswa pandan vakans lekòl ivè oswa prentan*;
- Gen yon nimewo idantifikasyon taks;
- Li egziste depi plis pase dezan avèk yon pwogram atistik, lwazi oswa edikasyonèl etabli oubyen yon pwogram vakans lekòl pandan vakans*;
- Gen deskripsyon kou etabli ak yon barèm frè; epi
- Ofri pwogram ki apwopriye pou laj timoun ki gen ant 5 ak 17 an.
*Nouvo pou 2025: Manm ki gen yon pitit oswa plizyè pitit ki pa swiv kalandriye lekòl piblik Vil Nouyòk la ka itilize benefis CASP la pou jwenn yon Pwogram Vakans. Manm yo ka resevwa yon ranbousman jiska $1,200 pou pwogram ki fèt pandan vakans ivè ak prentan pitit yo. Manm yo ka konbine lòt pwogram si pri total la pa depase $1,200.