Karakteristik Fon an:
Anons Spesyal sou Sezon Enskripsyon Benefis yo

Fon Swen Timoun yo (CCF) bay benefis pou manm yo ak fanmi yo ki sipòte bezwen swen timoun, objektif akademik ak pouswit pwofesyonèl. Pandan peryòd enskripsyon 2020 an, 18,535 manm te aplike pou benefis ak pwogram CCF yo, yon ogmantasyon 4.1 pousan parapò ak enskripsyon 2019 la. Plis manm te itilize zouti enskripsyon sou entènèt la pase anvan, ak 75 pousan nan manm yo ki te soumèt aplikasyon atravè Kont Mwen an. Antou, CCF te distribye 15,675 benefis swen timoun bay 14,941 manm pou ane benefis 2019–2020 an.

Men yon ti aperçu sou kijan benefis ak pwogram 2020 yo te distribye bay manm yo:

Benefisye Moun k ap resevwa yo
Koupon Aprè Lekòl 3,605
Koupon pou Gadri 5,236
Kan pandan ete 3,923
Koupon pou Kan Jounen Ete a 896