Benefis FlyteHealth ofri manm yo yon nouvo apwòch pou jesyon sante
Apati 1ye avril, Fon Benefis yo ap ofri yon pwogram konplè pou jesyon sante, an patenarya avèk FlyteHealth, pou manm ki kalifye yo ak moun ki granmoun ki sou kont yo. Doktè FlyteHealth yo, enfimyè pratikan yo ak dyetetisyen ki anrejistre yo ede patisipan yo pèdi pwa epi jere maladi kwonik tankou dyabèt ak tansyon wo. Lè yo itilize aplikasyon mobil pasyan FlyteHealth la, patisipan yo rankontre ak yon ekip swen pou devlope yon plan tretman pèsonalize avèk vizit regilye pou kontwole pwogrè a. Pou yo kalifye, manm yo ak moun ki granmoun ki sou kont yo dwe resevwa asirans medikal ak medikaman sou preskripsyon atravè Fon Benefis yo;* gen yon endis mas kòporèl (IMC) aktyèl oswa anvan ki 30 oswa plis, oswa gen yon IMC aktyèl oswa anvan ki 27 oswa plis anplis yon pwoblèm sante ki gen rapò; epi yo dwe abite Ozetazini. Tanpri ankouraje pasyan ki kalifye ou yo pou yo... vizite sitwèb FlyteHealth la pou plis enfòmasyon.
