Sant Resous pou yon Viv An Sante Sipòte Vwayaj Byennèt Manm yo

Sant Resous pou Viv An Sante Fon Benefis yo bay 1199SEIU enfòmasyon pou ede manm yo kenbe yon vi ki an sante epi amelyore rezilta sante yo. Sitiye sou Fon Benefis yo sit entènètSant Resous pou yon Viv An Sante a gen seksyon espesyal ki konsantre sou relasyon doktè-pasyan, sante kadyak, kondisyon fizik, nitrisyon ak byennèt emosyonèl. Sit la gen ladan l apèsi jeneral ki soti nan ekspè; konsèy fasil pou swiv ak objektif ou ka atenn; prezantasyon videyo pa founisè swen sante k ap patisipe yo; egzèsis entèaktif, tankou egzamen nitrisyon ak yon kalkilatris BMI; enfòmasyon sou benefis, pwogram ak sèvis Fon Benefis yo; detay sou patenarya ak enstitisyon anplwayè yo pou ankouraje sèvis swen prensipal ak prevantif; ak lyen pou resous ekstèn yo.

plis Koneksyon Founisè yo

achiv yo