Ann pale franchman: Pèsonn pa tann ak enpasyans pou yo fè yon tès depistaj kansè nan kolon, men konsekans ranvwaye li yo ka grav. Sosyete Ameriken pou Kansè a estime pral gen plis pase 100,000 nouvo ka kansè nan kolon an 2019, ki ta ka responsab pou 51,000 lanmò. Deteksyon bonè ka sove anpil nan lavi sa yo. Se sèlman 42 pousan nan 1199SEIU Manm ki gen 50 an oswa plis yo te fè depistaj pou kansè kolorektal, yon to ki twò ba epi yon to ke Ofisye Medikal Anchèf nou an, Dr. Van H. Dunn, te angaje l pou ogmante.

Doktè yo rekòmande pou gason ak fanm ki gen 50 an oswa plis fè tès depistaj chak 5 a 10 an, selon opsyon depistaj la ak faktè risk yo, ki gen ladan yo:

  • Yon istwa pèsonèl kansè kolorektal oswa polip
  • Yon istwa familyal kansè kolorektal
  • Yon istwa pèsonèl maladi enflamatwa entesten (kolit ilsèratif oswa maladi Crohn)
  • Yon sendwòm kansè kolorektal eritye konfime oswa sispèk, tankou polipoz adenomatoz familyal (FAP) oswa sendwòm Lynch (kansè kolon eritye san polipoz oswa HNPCC)
  • Yon istwa pèsonèl kote ou te resevwa radyasyon nan zòn nan vant oswa nan basen pou trete yon kansè anvan.

Metòd depistaj yo varye ant yon kolonoskopi estanda, kote yon doktè wè kolon ou atravè yon tib fleksib ki gen yon ti kamera videyo lejè nan bout li, rive nan Cologuard, yon tès lakay ki pa mande okenn preparasyon oswa chanjman nan rejim alimantè ou oswa medikaman ou ke yon kolonoskopi estanda mande. Sepandan, Cologuard mande yon preskripsyon, epi li pa fèt pou ranplase yon kolonoskopi si ou gen gwo risk, kidonk pale ak doktè ou pou wè ki metòd ki bon pou ou. Pou plis enfòmasyon, vizite www.CologuardTest.com.

Epi byenke anpil moun ka gen polip prekansereuz oswa kansereuz san yo pa gen sentòm, gen siy pou veye, tankou senyen nan rèktòm, yon chanjman nan abitid poupou, doulè nan vant ak fatig oswa pèdi pwa san eksplikasyon. Si ou gen nenpòt nan sentòm sa yo, ou ta dwe pale ak doktè ou touswit.

Sonje: Deteksyon bonè ka ede detekte kansè kolorektal pandan li toujou tretab.

 

Èske ou deja bay Healthix konsantman ou?

Asire w ke enfòmasyon medikal ou yo disponib nenpòt ki lè, nenpòt kote—tankou si w ta fè yon aksidan epi ou pa ka pale pou tèt ou nan yon sal dijans. Jis konekte sou Kont mwen an pou bay Healthix konsantman w, yon lidè nan sèvis echanj enfòmasyon sou sante, pou pèmèt doktè, enfimyè ak lòt pwofesyonèl sante jwenn aksè nan dosye medikal ou yo. Sa ka sove lavi w. Pou plis enfòmasyon, vizite www.Healthix.org.