Pwogram Preparasyon pou Kolèj sou Entènèt
Si w ap chèche èd pou w prepare w pou kòmanse inivèsite oubyen pou w pase yon egzamen, pwogram aprantisaj sou entènèt pratik e konplè Fon Fòmasyon an – Edmentum – ka bon chwa pou ou.
Kou yo ofri yo enkli Anglè, Lang ak Literati, Matematik, epi Syans, ansanm ak asistans pou preparasyon pou egzamen tankou GED (kounye a yo rele li HiSET nan Massachusetts), TE or Akiplasè.
Manm Massachusetts yo: kontakte Conzolo Migliozzi nan Conzolo.Migliozzi@1199funds.org oubyen 617-284-1227 pou kòmanse.
- Ranpli yon evalyasyon ki ede detèmine kou ak aktivite ou bezwen yo.
- Angaje w pou w pase 4 a 8 èdtan pa semèn nan kou w yo.
- Travay selon pwòp orè ou avèk sipò enstriktè Fon Fòmasyon an.
- Jwenn aksè a kou yo nenpòt ki lè ak nenpòt kote sou entènèt avèk yon òdinatè oswa yon telefòn entelijan.
"Pwogram Edmentum nan tèlman bon. Li pi pratik e li pi rilaksan. Ou ka pran tan ou pou konprann travay la." — Tommy Kegbeh
