The 1199SEIU National Benefit Fund (NBF) eli EmblemHealth pou administre benefis dantè li a apati 1ye avril 2017. Rezo dantè NBF a p ap antreteni ankò, epi Akò Founisè ou a ak NBF a ap fini apati 1ye avril 2017.
Fon Benefis la gen pou objektif pou fè tranzisyon an san pwoblèm otank posib epi l ap travay avèk EmblemHealth pou asire mwens deranjman posib. Nou kreye FAQ sa a pou ede w pandan tranzisyon an.
Poukisa NBF a ap sispann rezo dantè li a?
Chanjman sa a pral amelyore benefis manm nou yo epi bay yon rezo kontra ki pi gwo.
Ki moun ki pral administre pwoteksyon dantè pou NBF a apati 1ye avril 2017?
NBF a gen yon kontra avèk EmblemHealth pou administre benefis dantè li yo apati 1ye avril 2017.
Èske mwen bezwen pase yon kontra dirèkteman avèk EmblemHealth?
Wi. Si ou poko yon founisè k ap patisipe nan rezo EmblemHealth Preferred Dental la, NBF ankouraje w pou w rantre nan rezo a pou w ka kontinye bay sèvis bay manm NBF yo ak benefisyè yo. Pou rantre nan rezo Preferred Dental EmblemHealth la, tanpri kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com oswa nan www.EmblemHealth.com (klike sou onglet "Founisè" a, answit chwazi "Pou Founisè Dantè").
Mwen fèk fin fè re-kreditasyon avèk NBF la; èske m ap bezwen refè pwosesis la ankò?
Wi. Estati kalifikasyon ou ak NBF a p ap transfere bay EmblemHealth. Si w deja ap patisipe nan rezo EmblemHealth Preferred Dental la, ou p ap bezwen fè yon nouvo aplikasyon. Pou verifye patisipasyon w nan rezo EmblemHealth Preferred Dental la, tanpri kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com oswa nan www.EmblemHealth.com (klike sou onglet "Founisè" a, answit chwazi "Pou Founisè Dantè").
Mwen se yon dantis k ap patisipe nan EmblemHealth; èske mwen oblije fè yon bagay pou yo konsidere m kòm yon founisè k ap patisipe pou manm NBF yo?
Si ou deja yon founisè k ap patisipe nan rezo EmblemHealth Preferred Dental la, ou p ap bezwen fè anyen pou kontinye bay sèvis bay manm NBF yo ak benefisyè yo. Pou verifye estati patisipasyon ou ak EmblemHealth, tanpri chèche nan anyè founisè Preferred Dental EmblemHealth la nan http://psearch.ghi.com/ProviderSearchEHGHI/Search.aspx?Plan=PPO|4|110&Network=06.
Mwen se yon dantis k ap patisipe nan NBF; èske tarif mwen te kontra yo pral transfere bay EmblemHealth?
Non. Apati 1ye avril 2017, peman an ap fèt dapre tarif rezo EmblemHealth Preferred Dental pou dantis ki patisipe nan rezo sa a. Si ou pa yon founisè k ap patisipe nan rezo a, EmblemHealth ap kontakte ou dirèkteman pou kòmanse pwosesis rekritman an.
Mwen pa yon dantis k ap patisipe nan NBF; nan ki pousantaj y ap ranbouse reklamasyon mwen yo?
Si ou pa yon founisè k ap patisipe nan rezo EmblemHealth Preferred Dental la, ranbousman w lan ap baze sou kalandriye ranbousman andeyò rezo EmblemHealth la epi y ap voye peman an bay moun ki gen asirans lan.
Kijan mwen ka kontakte EmblemHealth konsènan sèvis yo bay apati 1ye avril 2017?
Ou ka kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com oswa nan www.EmblemHealth.com (klike sou onglet "Founisè" a, answit chwazi "Pou Founisè Dantè").
Èske manm NBF yo ap resevwa nouvo kat idantifikasyon dantè?
Yo pral bay tout manm NBF ki kalifye nan klas sa yo kat idantifikasyon dantè:
- Manm Klas Salè 1 ak moun ki sou kont yo
- Manm Klas Salè 3 ki te chwazi benefis dantè
- Moun ki pran retrèt bonè ki te chwazi benefis dantè
Ki moun mwen dwe rele konsènan sèvis mwen te bay anvan 1ye avril 2017?
Tanpri kontakte Fon Benefis la atravè liy sèvis kliyan nou an oswa sistèm Repons Vwa Entèaktif nou an:
- Sant Apèl Relasyon Founisè: (646) 473-7160
- Sistèm Repons Vwa Entèaktif: (888) 819-1199
Ki kote pou mwen soumèt reklamasyon pou sèvis yo te bay anvan 1ye avril 2017?
Tanpri voye reklamasyon ADA yo pa lapòs nan adrès sa a:
PO Box 1149
New York, NY 10108-1149
Ki kote pou mwen soumèt reklamasyon pou sèvis yo te bay nan oswa apre 1ye avril 2017?
Tanpri soumèt reklamasyon sa yo bay EmblemHealth sou entènèt nan www.emblemhealth.com/en/Providers/Claims-Corner (ID Moun k ap Soumèt Peman an: 13351). Ou kapab soumèt reklamasyon papye tou nan adrès sa a:
PO Box 2838
New York, NY 10116-2838
Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com oswa nan www.EmblemHealth.com (klike sou onglet "Founisè" a, answit chwazi "Pou Founisè Dantè").
Èske yon sèl reklamasyon ka soumèt pou sèvis ki te bay anvan, nan ak apre dat tranzisyon 1ye avril 2017 la?
Pou reklamasyon sèvis pou pasyan ekstèn yo, Fon Benefis la p ap aksepte reklamasyon ki gen dat sèvis ki depase 1ye avril 2017. Menm jan ak Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid yo, Fon Benefis la egzije pou founisè yo divize reklamasyon an pou Fon an ka aksepte reklamasyon ki gen dat sèvis 31 mas 2017 oswa pi bonè, alòske EmblemHealth ka aksepte reklamasyon ki gen dat sèvis 1ye avril 2017 oswa pi ta.
Kilè mwen ta dwe soumèt reklamasyon pou sèvis yo te bay anvan 1ye avril 2017?
Tanpri soumèt reklamasyon sa yo bay Fon Benefis la pa pita pase yon ane apati dat sèvis la te bay la.
Kilè mwen ta dwe soumèt reklamasyon pou sèvis yo te bay nan oswa apre 1ye avril 2017?
Tanpri soumèt reklamasyon sa yo bay EmblemHealth nan lespas 30 jou apre dat sèvis la, epi pa pita pase 18 mwa apre dat sèvis la. Si ou pa depoze yon reklamasyon alè, EmblemHealth ka toujou peye reklamasyon an si yo detèmine ke li pa t rezonab posib pou ou te depoze reklamasyon an alè epi ke reklamasyon an te depoze pi vit posib. Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com oswa nan www.EmblemHealth.com (klike sou onglet "Founisè" a, answit chwazi "Pou Founisè Dantè").
Mwen pa yon dantis EmblemHealth k ap patisipe. Kijan y ap peye reklamasyon m yo?
Reklamasyon ki soumèt pa founisè ki pa nan rezo EmblemHealth Preferred Dental la pral peye dapre kalandriye ranbousman andeyò rezo EmblemHealth la epi peman an pral voye bay moun ki gen polis asirans lan.
Mwen pa yon dantis EmblemHealth k ap patisipe; ki moun mwen ta dwe kontakte konsènan peman reklamasyon mwen yo pou sèvis yo nan oswa apre 1ye avril?
Pou sèvis yo bay nan oswa apre 1ye avril, tanpri vizite www.EmblemHealth.com (klike sou onglet "Founisè", answit chwazi "Pou Founisè Swen Dantè").
E si yon manm NBF oswa yon founisè ki pa patisipe vle fè apèl kont yon sèvis ki te bay anvan 1ye avril 2017?
Manm yo ak founisè ki pa patisipe yo dwe soumèt apèl sa yo bay NBF nan lespas 180 jou apre yo fin resevwa yon desizyon negatif.
E si yon manm NBF oswa yon founisè ki pa patisipe vle fè apèl kont yon sèvis ki te bay nan oswa apre 1ye avril 2017?
Manm yo ak founisè ki pa patisipe yo dwe kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com oswa nan www.EmblemHealth.com (klike sou onglet "Founisè", answit chwazi "Pou Founisè Swen Dantè").
Yo ta dwe voye apèl founisè yo—ki gen ladan predetèminasyon yo—nan adrès sa a:
PO Box 2844
New York, NY 10116-2844
Èske benefis dantè manm yo ap chanje?
Tout manm NBF yo ap gen yon benefis dantè maksimòm $3,000 anyèl pou chak ane kalandriye. Maksimòm $3,000 sa a ap kouvri sa NBF te peye pou sèvis yo te bay soti 1ye janvye 2017 rive 31 mas 2017 — epi sa EmblemHealth ap peye pou sèvis yo te bay nan oswa apre 1ye avril 2017, jiska 31 desanm 2017.
Kisa k pral rive ak predetèminasyon dantè ki te apwouve pou kòmanse 1ye avril 2017 oswa apre?
Tanpri kontakte EmblemHealth pou kòmanse yon nouvo revizyon predetèminasyon pou sèvis ki te apwouve pou 1ye avril 2017 oswa apre.
Ki kote yo ta dwe soumèt reklamasyon pou tretman dantè ki an kou?
Reklamasyon pou dat sèvis ki te fèt nan oswa anvan 31 mas 2017 yo ta dwe soumèt bay:
PO Box 1149
New York, NY 10108-1149
Reklamasyon pou dat sèvis nan oswa apre 1ye avril 2017 yo ta dwe soumèt bay:
PO Box 2838
New York, NY 10116-2838
Èske y ap transfere reklamasyon ak istwa reklamasyon yo bay EmblemHealth?
Yo pral transfere istwa reklamasyon yo bay EmblemHealth. Pou kesyon konsènan reklamasyon ak istwa reklamasyon pou dat sèvis anvan 1ye avril 2017, tanpri kontakte Fon Benefis la:
- Sant Apèl Relasyon Founisè: (646) 473-7160
- Sistèm Repons Vwa Entèaktif: (888) 819-1199
Pou kesyon konsènan reklamasyon ak istwa reklamasyon pou dat sèvis nan oswa apre 1ye avril 2017, tanpri kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com oswa nan www.EmblemHealth.com (klike sou onglet "Founisè" a, answit chwazi "Pou Founisè Dantè").
Ak ki moun mwen ta dwe kontakte si mwen bezwen yo refè yon chèk?
Pou dat sèvis anvan 1ye avril 2017, ou ta dwe kontakte Sant Apèl Founisè nou an nan (646) 473-7160. Pou dat sèvis apre 1ye avril 2017, tanpri kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com.
Ki moun mwen dwe kontakte pou jwenn yon kopi yon EOP pou sèvis anvan 1ye avril 2017?
Ou ta dwe kontakte Sant Apèl Founisè nou an nan (646) 473-7160. Pou yon kopi EOP pou dat sèvis yo nan oswa apre 1ye avril 2017, ou ta dwe kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com.
Ak ki moun mwen dwe kontakte pou jwenn yon kopi yon fòm 1099 pou sèvis anvan 1ye avril 2017?
Ou ta dwe kontakte Sant Apèl Founisè nou an nan (646) 473-7160. Pou yon kopi 1099 pou dat sèvis yo nan oswa apre 1ye avril 2017, ou ta dwe kontakte EmblemHealth nan DentalProviders@EmblemHealth.com oubyen vizite sitwèb EmblemHealth la nan www.EmblemHealth.com.
Èske avantaj manm yo pral rekòmanse depi 1ye avril 2017?
Non, benefis anyèl yo p ap rekòmanse apati 1ye avril 2017. Tout manm NBF yo ap gen yon benefis dantè maksimòm anyèl $3,000 pa ane kalandriye. Maksimòm $3,000 sa a ap kouvri sa NBF te peye pou sèvis yo te bay soti 1ye janvye 2017 rive 31 mas 2017—epi sa EmblemHealth ap peye pou sèvis yo te bay nan oswa apre 1ye avril 2017, jiska 31 desanm 2017.
Èske EmblemHealth ap gen istwa kalifikasyon ak benefis pou sèvis manm yo te resevwa anvan 1ye avril 2017?
Wi. EmblemHealth ap gen istwa kalifikasyon ak benefis pou sèvis yo te bay anvan 1ye avril 2017.
Si ou gen lòt kesyon sou tranzisyon an nan EmblemHealth, tanpri rele Sant Apèl Relasyon Founisè nou an nan (646) 473-7160 oswa voye yon imèl bay Providers@1199Funds.org.