
Fon an ofri kou amelyorasyon konpetans an gwoup nan lye travay ak kote santral atravè eta a. Isit la yo montre elèv yo (ansanm ak enstriktè a, Administratè Resous Imèn ak 1199SEIU Òganizatè) enskri nan yon kou Terminoloji Medikal 2 kredi yo ofri nan Good Samaritan Medical Center nan Brockton an patenarya avèk Massasoit Community College.

“Kòm yon travayè lannwit, mwen rekòmande pwogram sou entènèt la paske ou gen pwòp orè pa w pou etidye sa ki se yon avantaj pou mwen; ou ka fè pwòp rechèch pa w epi jwenn repons lan touswit san w pa mande pwofesè w la…Sa mwen renmen nan aprantisaj sou Entènèt la se ke pwofesè mwen an toujou ede m lè m gen yon pwoblèm ak kou a, epi mwen ka jwenn aksè nan kou a nenpòt lè.”