Avi Echanj Enfòmasyon Sante
Avi sou 1199SEIU Patisipasyon Fon Benefis yo nan Echanj Enfòmasyon sou Sante ke Healthix Opere
Nou vle fè w konnen ke 1199SEIU Fon Benefis yo patisipe nan yon echanj enfòmasyon sou sante ke Healthix opere, yon òganizasyon san bi likratif ki pataje enfòmasyon sou sante moun elektwonikman ak founisè swen sante epi ki satisfè estanda konfidansyalite ak sekirite HIPAA ak Lwa Eta New York la.
Nan kad patisipasyon nou nan Healthix, nou voye/chaje enfòmasyon sou sante ki pwoteje nan men manm Benefit Fund yo bay Healthix. Enfòmasyon manm nan Healthix soti nan kote ki te bay swen medikal oswa atravè enfòmasyon asirans sante (reklamasyon). Sous done sa yo ka gen ladan lopital, doktè, famasi, laboratwa klinik, konpayi asirans sante, pwogram Medicaid la ak lòt òganizasyon ki fè echanj enfòmasyon sou sante elektwonikman. Yon lis ki ajou sou sous done sa yo disponib nan Healthix. Manm yo ka jwenn yon lis ajou nenpòt ki lè lè yo vizite www.healthix.org oswa lè w rele 1-(877) 695-4749.
Li enpòtan pou ou konnen Healthix pa gen otorizasyon pou pataje enfòmasyon ou sof si ou bay pèmisyon pou yo fè sa.