Pwogram samdi
Pwogram Atizay Kiltirèl (CAP)
Pwogram Atizay Kiltirèl la ede fòme moun ki panse kreyatif ak lidè inovatè, epi CCF a ofri pitit ou a (yo) opòtinite pou fè eksperyans ak eksplore pwogram anrichisman kiltirèl ak akademik kalite siperyè nan enstitisyon premye klas nan Vil Nouyòk ak zòn metwopolitèn ki antoure a.
Pandan ane lekòl la, jèn yo ap gen opòtinite pou patisipe nan klas tankou dans, mizik, teyat, kondisyon fizik, atizana, ak leson patikilye, ki stimul kreyativite epi bati konfyans nan tèt yo.
Pou plis enfòmasyon, imèl nou nan ChildCare@1199Funds.org oswa rele (212) 564-2220.
Pwogram Bousdetid pou Atizay Kiltirèl (CASP)
Pwogram sa a sanble ak Pwogram Atizay Kiltirèl la, eksepte ke founisè a dwe:
- Gen yon nimewo idantifikasyon taks, deskripsyon kou etabli ak yon barèm frè;
- Genyen plis pase de (2) ane depi y ap opere avèk yon pwogram atistik, lwazi oswa edikasyonèl ki byen etabli; epi
- Ofri pwogram ki apwopriye pou laj timoun ki gen ant 5 ak 17 an.
Pou plis enfòmasyon, imèl nou nan ChildCare@1199Funds.org oswa rele (212) 564-2220.
Preparasyon SAT (SAT)
Pwogram preparasyon SAT sa a, ki dire 18 semèn, ki fèt samdi maten, bay elèv 11yèm ane yo konpetans ak estrateji ki pwouve yo bezwen pou yo pase egzamen SAT la. Elèv yo resevwa tou yon atelye redaksyon disètasyon konplè pou ede yo prepare pou egzijans redaksyon aplikasyon pou kolèj la, epi pou yo resevwa konsèy nan pwosesis aplikasyon pou kolèj la.
- Elèv yo dwe patisipe nan toulede sesyon yo:
- Prentan 2023: Fevriye/Mas jiska Me (11yèm ane; twazyèm ane)
- Otòn 2023: Septanm jiska Oktòb (12yèm ane; dènye ane lekòl segondè)
- Tout klas ak oryantasyon yo se vityèl
- Paran yo ak elèv yo oblije patisipe nan yon oryantasyon anvan pwogram nan kòmanse.
Pou plis enfòmasyon, imèl nou nan ChildCare@1199Funds.org oswa rele (212) 564-2220.