Pwogram samdi

Pwogram Atizay Kiltirèl (CAP)

Pou laj 2 a 17 an (Laj yo varye selon founisè a) nan plizyè kote

Pwogram Atizay Kiltirèl la ede fòme moun ki panse kreyatif ak lidè inovatè, epi CCF a ofri pitit ou a (yo) opòtinite pou fè eksperyans ak eksplore pwogram anrichisman kiltirèl ak akademik kalite siperyè nan enstitisyon premye klas nan Vil Nouyòk ak zòn metwopolitèn ki antoure a.

Pandan ane lekòl la, jèn yo ap gen opòtinite pou patisipe nan klas tankou dans, mizik, teyat, kondisyon fizik, atizana, ak leson patikilye, ki stimul kreyativite epi bati konfyans nan tèt yo.

Pou plis enfòmasyon, imèl nou nan ChildCare@1199Funds.org oswa rele (212) 564-2220.

Pwogram Bousdetid pou Atizay Kiltirèl (CASP)

Pou timoun ki gen laj 2 a 17 an nan plizyè kote

Pwogram sa a sanble ak Pwogram Atizay Kiltirèl la, eksepte ke founisè a dwe:

  • Gen yon nimewo idantifikasyon taks, deskripsyon kou etabli ak yon barèm frè;
  • Genyen plis pase de (2) ane depi y ap opere avèk yon pwogram atistik, lwazi oswa edikasyonèl ki byen etabli; epi
  • Ofri pwogram ki apwopriye pou laj timoun ki gen ant 2 ak 17 an.

Pou plis enfòmasyon, imèl nou nan ChildCare@1199Funds.org oswa rele (212) 564-2220.

Pwogram Preparasyon SAT

SÈLMAN pou elèv ki nan 11yèm ane

Samdi maten, pandan 13 semèn sa a, Virtual Pwogram Preparasyon SAT la bay elèv 11yèm ane yo konpetans ak estrateji ki pwouve yo bezwen pou yo pase egzamen SAT la. Elèv yo resevwa tou yon atelye anrichisman pou ede yo prepare pou egzijans ekri aplikasyon pou inivèsite a ak pwosesis aplikasyon pou inivèsite a.

  • Enskripsyon pou benefis CCF obligatwa
  • Oryantasyon obligatwa
  • Ko-peman $100 obligatwa, benefis taksab

Pou plis enfòmasyon sou Pwogram Preparasyon SAT la, tanpri vizite Paj Pwogram Preparasyon SAT la.

Pou plis enfòmasyon, imèl nou nan ChildCare@1199Funds.org oswa rele (212) 564-2220.