An kolaborasyon avèk Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè Vil Nouyòk (DYCD), 1199SEIU Child Care Corporation kontan pou l ofri yon kantite opòtinite travay peye pandan ete a pou patisipan WorkForce (WF2) ki kalifye yo. Eksperyans sa a disponib atravè Pwogram Anplwa pou Jèn nan Lete (SYEP) nan Vil Nouyòk epi l ap fonksyone ansanm ak WF2 pandan sis semèn apati Jiyè pou rive nan mwa Out.
Selon direktiv SYEP DYCD yo, elèv WF2 yo aksepte nan pwogram nan pral salè minimòm peyeNòt: Pwogram sa a pa menm ak 1199SEIU Pwogram Mentora pou Jèn yo.
Si yon manm ak pitit li kalifye pou benefis WF2 a, yo ka aplike pou pwogram nan nan oryantasyon an dapre kondisyon kalifikasyon DYCD la fikse yo.
Pou yo kalifye, kandida yo dwe:
- Gen 16 an depi Jiyè ane pwogram nan
- Rete nan youn nan senk awondisman Vil Nouyòk yo
- Angaje w pou w pase yon ane konplè nan pwogram WF2 a – sis semèn pwogram ete soti Jiyè rive Out, ak kou akademik samdi soti Septanm rive Jen.