Pran Responsablite Finans ou

Le w enkyete sou zafe lajan, sa ka afekte sante mantal ou ak byennèt fizik ou. Fon Benefis ou a ofri’w yon seri de videyo pratik: “Pran chaj finans ou,” ki ka ede’w pran kontwòl lajan’w. Pwogram sa ki fèt pou manm 1199SEIU Home Care Benefit Fund, ofri enfòmasyon ak estrateji konkrè, e li ba’w aksè a anpil materyèl e prezantasyon. Aksede kourikoulòm konplè ki anba a—epi komanse jere finans ou.

Dat Reyinyon Vityèl Ak Klas Pa Videyo

Tout Sa Se Nan Tèt Ou: Konprann Mantalite W Sou Lajan

Wèbinè sa a anseye w prensip fondamantal sou lajan. Ou pral aprann tèm finansye komen ak objektif lajan. Klas sa a eksplore nan ki fason genyen yon mantalite ekilibre sou lajan ka ede w amelyore sitiyasyon finansyè w.

Dire klas la: 40 minit

Samdi 17 Jiyè 2021 a 1è:00 pm

Estrateji pou Fè Ekonomi: Gen Kontwòl sou Depans yo

Nan wèbinè sa a, ou pral aprann sou fè bidjè, fè ekonomi ak evite pyèj finansyè. Klas sa a pral anseye w tou sou danje ki genyen nan depanse twòp epi ofri yon estrateji reyalis ou ka sèvi pou pwoteje ekilib finansyè w ak byennèt emosyonèl ou.

Dire klas la: 40 minit

Samdi 31 Jiyè 2021 a 4è:00 pm

Enpòtans Kredi: Kijan pou Itilize Li, San w pa Mal Sèvi Avè l

Wèbinè sa a ap devlope sou tèm premye seyans yo pou ede w konprann kredi, aprann kijan yo kalkile nòt kredi epi aprann nan ki fason w ka jwenn yon kopi rapò kredi w. Klas sa a ap anseye w tou sou avantaj ak dezavantaj kredi.

Dire klas la: 40 minit

Samdi 31 Jiyè 2021 a 4è:45 pm

Sa Pa Fini: Sòti nan Difikilte Finansyè

Anpil moun fè fas ak difikilte finansyè—ou pa poukont ou. Ak wèbinè sa a, ou pral aprann sòti nan difikilte finansyè, negosye ak kreyansye, konprann prè koutèm ak plis toujou.

Dire klas la: 40 minit

Samdi 14 Jiyè 2021 a 4è:00 pm

Travay pou Retrèt Ou: Konstwi Ekonomi W

Alòske li kouvri jesyon lajan ak objektif sou lontèm, wèbinè sa a pral ede w detèmine konbyen lajan w pral bezwen nan retrèt ou, kòman pou w kalkile avantaj Sekirite Sosyal yo ak ki pi bon lè pou w kòmanse rekòlte avantaj yo.

Dire klas la: 40 minit

Samdi 14 Jiyè 2021 a 4è:45 pm