Mesaj Direktè Egzekitif ak PDG, Prentan 2023

Chè Manm 1199SEIU yo,

Nan fen ane pase a, mwen te mande w pou w te patisipe ansanm avèk mwen nan yon pakou lasante an 2023. Poukisa? Paske bon sante se kle pou debloke lajwa lavi a. Mennen yon vi ki pi an sante ba nou opòtinite pou viv yon vi ki pi rich, ki gen plis kè kontan ke nou ka pataje ak moun nou renmen yo.

Byenke pakou chak moun diferan, yo tout kòmanse ak yon premye pa. Mwen te fè premye pa mwen—ansanm ak plis pase 3,600 nan nou—lè mwen te enskri nan WeightWatchers®, nouvo avantaj nou an pou moun ki enskri nan kouvèti asirans sante nou an.

Mwen te pran tan tou pou m vizite doktè mwen epi pwograme tès sante m yo. Kit ou gen asirans sante atravè Home Care Benefit Fund oswa jwenn aksè nan li atravè avantaj Home Care BeneStream ou, bati yon relasyon ak yon pwofesyonèl swen sante ou fè konfyans se yon pati enpòtan nan pakou sante ou.

Byenke pakou chak moun diferan, yo tout kòmanse ak yon premye pa. Mwen te fè premye pa mwen—ansanm ak plis pase 3,600 nan nou—lè mwen te enskri nan WeightWatchers®, nouvo avantaj nou an pou moun ki enskri nan kouvèti asirans sante nou an.

Tankou anpil nan nou, mwen gen bon jou ak jou difi sil. Mwen konnen li ka parèt difi sil pou w ajoute plis bagay sou lis ou lè ou deja okipe anpil. Men, lè w pran tan pou w pran swen tèt ou sa estimile w, epi se yon bagay ou ka kontwòle. Lè nou mande tèt nou “Poukisa” viv yon vi ki pi an sante enpòtan—nou ka itilize repons lan kòm motivasyon pou kòmanse epi rete sou pakou sante nou an.

Mwen kwè lavi a presye. Nou gen yon sèl vi pou nou viv. Epi se enspirasyon sa a ki dèyè repons a kesyon “Poukisa” a. Repons a kesyon “Poukisa” mwen an se ke mwen vle pi byen pwofi te sèl vi mwen genyen an. E pou mwen sa vle di viv yon vi ki long pou mwen ka la ak moun mwen renmen yo. Malgre lonjevite nan fanmi mwen, se mwen menm ki pou m pran swen sante m epi pou m bay kò m—tanp mwen—pi bon chans pou m akonpli rezon “Poukisa” mwen an.

Mwen ta renmen fè pakou sante sa a avèk nou tout, ki dedye tèt nou chak jou pou pran swen lòt moun. Kidonk, an nou fè sa! Ansanm!

Nan edisyon For Your Benefit, sa a, nou pataje konsèy pou yon manje sen ak enfòmasyon sou pwogram ki pral sipòte w nan pakou ou.Ou pral tande pale de Patricia McAlmont, ki te patisipe nan WeightWatchers e ki pare pou pataje “Poukisa” pa li. Anplis de sa, nou eksplore lide “manje kòm medikaman,” ke sa nou manje gen pouvwa pou ede nou santi nou pi byen epi viv vi ki pi long, pi akonpli.

Anplis de sa, pou moun ki enskri nan avantaj sante nou yo epi k ap viv ak dyabèt tip 2, nou kontan prezante w Virta, yon pwogram nitritif altènatif pou ede ranvèse kondisyon dyabèt tip 2 a.

Kidonk, mwen espere ke w pran yon ti moman pou w li edisyon For Your Benefit. sa a.Epi, kèlkeswa kote w ye nan pakou sante w, mwen espere ou pral jwenn mwen ak anpil lòt moun nan pran etap sa yo: reponn “Poukisa” nou an, fi kse objektif ou ka reyalize, enskri pou WeightWatchers ak lòt pwogram Healthy Living nou yo, epi selebre tout viktwa nou yo gwo kou piti!

An sante,


Donna Rey, EdD
Direktè Egzekitif ak PDG
1199SEIU Fon Avantaj ak Pansyon

P.S., Sant Resous Pou Viv an Sante nou an se yon bon kote tou pou jwenn enfòmasyon sou tout pwogram ki disponib pou ede w kòmanse nan pakou sante w—donk tanpri vizite www.1199SEIUBenefits.org/HealthyLiving regilyèman pou w dekouvri tout sa li genyen pou ofri w.