Mesaj Doktè Van H. Dunn, Chèf Medikal

Nou tout konnen ke sa nou manje afekte jan nou santi nou fi zikman. Men, èske w te konnen sa nou manje afekte sante mantal ak emosyonèl nou tou? An reyalite, etid yo te jwenn ke yon rejim alimantè ki gen ladan sitou manje antye, ki pa trete ka ede diminye risk pou depresyon, enkyetid e menm twoub defi si atansyon/ipèaktivite (ADHD).

Bon manje fè nou santi nou byen. Men reyalite a. Manje repa nou te grandi ak yo kenbe nou konekte ak moun nou ye a, fanmi nou ak eritaj nou. Nou jis bezwen fè manje ke nou renmen yo pi sen. E nou kapab. Non sèlman mwen se yon doktè, men mwen se yon kwizinye. Mwen renmen prepare manje pou fanmi mwen, espesyalman pandan jou ferye yo. Ofi yamezi, mwen aprann chanje sèten engredyan nan pla tradisyonèl ayisyen mwen yo, tankou itilize sosis ki baze sou plant nan plas sosis vyann kochon oswa chanje kèk nan metòd preparasyon mwen yo, tankou kwit nan fou olye pou m fri. Mwen te eseye tou nouvo engredyan, tankou grenn len, ki ka estabilize nivo sik nan san, diminye tansyon, bese nivo kolestewòl epi amelyore imè nou! Li gen yon gou dou, nwa ak yon konsistans sèk, kwoustiyan epi ou ka ajoute l nan prèske nenpòt manje maten oswa manje ki kwit nan fou. Mwen sèvi ak li nan ji blende, labouyi avwàn, sereyal ak ponmkèt ke mwen renmen kwit ak pitit fi mwen an yon lè konsa.

Antanke doktè Fon Avantaj ou a, mwen vrèman ankouraje w eseye nouvo engredyan epi aprann echanje manje ki senp, ki sen, tankou ranplase diri blan ak diri mawon, kinoa oswa menm yon patat.

Kribich Doktè Dunn, Gombo Poul ak Sosis Manman m

3 engredyan prensipal plis atik gadmanje chak jou ak legim

Sèvi 6-8 moun

Gombo—5-7 pwen pou chak pòsyon ½ tas diri—3 pwen

Engredyan

  • ½ tas farin frans
  • 1 liv sosis ki baze sou plant Impossible Italian, koupe an moso demi-pous
  • 1 liv blan poul, koupe an moso 1-pous
  • 1 liv kribich gwosè mwayen
  • 1 tas zonyon rache
  • ½ tas seleri rache
  • ½ tas piman vèt rache
  • 2 gwo kiyè lay pile
  • 1 gwo kiyè gwo sèl
  • ½ ti kiyè pwav nwa an poud
  • 1 ti kiyè ten fre, dekoupe
  • ¼ ti kiyè pwav kayèn
  • 2 fèy lorye
  • 1 gwo kiyè poud fi le (epis pikan) oswa lanmidon mayi
  • 6 tas bouyon poul (ou ka itilize sa ki san grès)

Enstriksyon

  1. Chofe fou a 400ºF.
  2. Vide farin nan yon plato epi kwit li pou apeprè 20 minit. Ou pral bezwen brase farin lan chak 5 minit jiskaske li gen koulè mawon fonse.
  3. Kwit sosis Impossible la jiskaske li mawon epi kwoustiyan nan yon gwo pwelon ki pa ka kole e ki fl ite ak lwil vejetal.
  4. Sèvi ak menm pwelon ki pa ka kole a epi fl ite l ankò ak espre pou kwit manje a. Ajoute poul la epi kwi li, brase l jiskaske li kòmanse mawon.
  5. Ajoute zonyon, lay, piman vèt, ak seleri nan menm chodyè a, kwit li jiskaske li mou.
  6. Brase farin mawon an ladan l.
  7. Ajoute bouyon poul la, ten, kayèn, sèl, pwav ak fèy lorye a.
  8. Bouyi l, epi aprè sa a, bese dife a jiskaske poul la mou. Sa a anjeneral pran apeprè 30 minit.
  9. Ajoute sosis ak kribich la epi kontinye kwit li pou apeprè 5 minit ankò.
  10. Brase poud fi le oswa lanmidon mayi a pou epèsi l.
  11. Sèvi l sou diri.Mwen renmen diri sovaj oswa mawon, men ou ka itilize wouj tou. Majik la se pa nan diri a men nan gou gombo a-bon apeti!