Fon Avantaj Swen Sante Adomisil 1199SEIU an pou Manm ki pa Gen Avantaj Sante yo

Manm Swen Adomisil yo ki pa gen ase lè pou yo kalifye pou asirans sante atravè Fon Avantaj la elijib pou anpil lòj ranje avantaj, tankou Teladoc ak Pwogram Asistans Byennèt Manm nou an.

Teladoc

Si w gen yon ti pwoblèm ak tanperati a tankou rim, gratèl, lestomak fè mal oswa lòt pwoblèm sante ki pa ijan, Teladoc ka ede w. Teladoc se yon sèvis telesante a distans ak konferans videyo ou ka itilize nan konfò lakay ou, 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn. Jis rele (800) TELADOC (835-2362) oswa vizite www.Teladoc.com pou w pale ak yon doktè.

BeneStream

Jwenn aksè a yon gwo varyete avantaj piblik ke ou petèt pa t konnen ki disponib pou ou. BeneStream ofri asistans nan plizyè lang, tankou espanyòl, ris, chinwa ak kreyòl ayisyen, epi ekspè yo ka ede ou menm ansanm ak fanmi w nan pwosesis enskripsyon yo, ki ka konplike.

Byennèt

Pwogram byennèt nou an ofri seminè sou entènèt, zouti ak videyo pou ede w pwoteje sante w, founi w enfòmasyon sou nitrisyon, egzèsis ak kòman pou w jere estrès ak maladi kwonik tankou sik ak tansyon.

Li plis

Konsèy / Tretman

Si ou menm oswa yon manm nan fanmi w ap fè fas ak kèk pwoblèm ke w paka jere poukont ou, Fon Avantaj Pwogram Asistans pou Byennèt Manm ou an ka ede w. Estaf nou yo ki resevwa fòmasyon, ki pale plizyè lang, ki soti nan plizyè kilti gen ladan yotravayè sosyal, konseye ansanm ak lòt pwofesyonèl, yo prè pou ede fanmi w nan nenp òt kalte kriz pèsonèl— espesyalman kriz sila yo ki ka mete travay ou an danje.

Travayè sosyal nou yo ka ede w reprann bon chemen w pandan y ap ede w jwenn bon konsèy oswa ba w referans pou pwogram yo. Lavi chaje ak estrès e yo ka difisil pou w jere yo poukont ou. Kit w ap fè fas ak pwoblèm akoz ou pèdi travay ou, pwoblèm nan fwaye w oswa yon manm nan fanmi w ki malad, estaf nou an ka ede w.

Ou pa bezwen janm enkyete w sou sa lòt yo ka di de ou—Fon avantaj ou an pa p divilge onkenn enfòmasyon sou sante w, sante mantal ou oswa abi sou sibstans ki gen rapò avè w bay onkenn moun, kit se anplwayè w.

Lòt Sèvis Sosyal

Anplis konsèy ak sipò nou ka ba ou, nou ka konekte w ak resous kominotè ki ka ede w. Nou ka ede w tou ak lòt sèvis sosyal—pa egzanp, nou ka konekte w ak tout fanmi w vè yon lòt kouvèti sante si w an risk pou w pèdi pa w la.

Lòt kote nou ka ede:

  • Referans pou otorizasyon nan lòt pwogram;
  • Vyolans nan kay oswa kote w ap travay la;
  • Konsèy nan ka lanmò ak lòt pwoblèm lavi: ak
  • Nan ka kote ou ka pèdi travay ou (entèvansyon alavans anvan w pèdi travay la).
Atelye pou Sante Lespri ak Kò

Fon Avantaj ou a ofri atelye sou entènèt pou nitrisyon, egzèsis ak jesyon estrès pandan tout ane a. Kenbe lespri ak kò w anfòm ak atelye sou sante emosyonèl, fòm kò, ak byennèt nou yo. Aprann bon jan teknik pou w fè fas epi jere estrès lavi nan yon bon mannyè.

Salon Sante ak Edikasyon

Lè ou suiv gid jeneral yo sijere pou depistaj tansyon, kolestewòl, mamografi ak PSA a (kansè nan pwostat) ou kapab konnen pwoblèm ou genyen deja oswa pwoblèm ou ka genyen pi bonè, anvan yo ba w yon pwoblèm ki pli konplike. Ou ka vini nan Salon Sante 1199SEIU nan syèj sosyal Fon an oswa ale nan yonn nan ajans ou yo pou w pase tès pou maladi kwonik tankou tansyon, kolestewòl, ak sik, an menm tan tou ou ka tcheke Endis Mas kò w (Body Mass Index, BMI). Ou kapab vizite tou Sit entènèt nou an pou w jwenn bon jan videyo sou edikasyon ki gen rapò ak sante ansanm ak byennèt pou mete w nan chemen yon vi ki an sante.

Nòt: Salon Sante nan syèj sosyal Fon an ak nan ajans yo te fon w ti kanpe akoz pandemi COVID-19 la. Verifye sit entènèt nou an pou mizajou.

Konsèy pou Moun ki an Dèy

Antanke travayè k ap bay swen adomisil, sa rive souvan ou vin devlope yon relasyon ki trè pwòch ak kliyan ou yo—kidonk lè w pèdi yonn sa ka ba w pwoblèm tankou se te yon zanmi oswa yon manm fanmi ou pèdi an. Si w an dèy akoz ou pèdi yon kliyan, ou pa oblije kite sa pote w ale poukont ou. Kontakte nou pou w ka jwenn èd ou bezwen an. Travayè sosyal ki soti nan Pwogram Asistans pou Byennèt Manm yo ap ede w nan moman dèy ou an. Pou plis enfòmasyon, tanpri rele (646) 473-6900.

Pwogram pou Tibebe nan Vant

Pwogram pou Tibebe nan Vant lan bay manm ki ansent li yo—ansanm ak patnè yo—bonjan enfòmasyon sou gwosès, akouchman ak swen pou timoun ki fenk fèt. Pwogram gratis ak konfidansyèl nou an ap ede w pwogrese nan yon gwosès ki an sante san gwo konplikasyon. W ap resevwa materyèl edikasyon sou sa w sipoze atann pandan gwosès lan, pandan akoucham an ak apre timoun nan fèt. Fiti manman yo ansanm ak tout patnè yo kapab ale tou nan atelye atravè entènèt sou gwosès, sou akouchman ak sou swen timoun ki fenk fèt, se fanm saj pwofesyonèl ki sètifye ki dirije atelye sa yo.

Pou w enskri nan pwogram lan, rele (646) 473-8962 oswa anrejistre atravè My Account.

Sitwayènte

Pwogram Sitwayènte 1199SEIU an ofri konsèy, atelye ak preparasyon aplikasyon pou ede manm yo aplike pou yo vin yon sitwayen Ameriken. Gen klas sou sitwayènte ki disponib tou sou entènèt nan pwogram lan, tankou Anglè kòm Dezyèm Lang, Listwa Letazini, Gouvènman ak Sivism ( English as a Second Language (ESL), U.S. History, Government and Civics) yon fason pou prepare w pou entèvyou ak egzamen pou sitwayènte a.

Sèvis yo gen ladan yo:

  • Preparasyon pou aplike pou vin yon sitwayen ameriken;
  • Asistans legal;
  • Anrejistreman pou klas pou pase ekzamen Listwa Letazini ak Gouvènman an;
  • Anrejistreman pou klas ESL yo (Anglè kòm Dezyèm Lang);
  • Kit pou prepare entèvyou an; ak
  • Enfòmasyon pou renouvle Green Card ou.

Li plis

Asistans sou Kredi Enpo sou Salè w Genyen

Plizyè dizèn milye manm 1199 elijib chak lane pou Kredi Enpo sou Salè w Genyen an (Earned Income Tax Credit, EITC). N ap konekte w ak patnè nou yo ki bay asistan gratis sou preparasyon enpo nan lokal yo nan New York City, Long Island, Westchester and New Jersey.

Li plis