Ask Dr. Dunn

Please send any questions to [email protected].

Kesyon yo Poze pi Souvan sou Vaksen COVID-19

Kesyon jeneral konsènan vaksen an:

Èske Benefit Fund kouvri depans pou moun vaksinen an?

Sa depann de ki kote ou ap travay.

  • Si w ap travay nan yon lopital oswa yon mezon retrèt, patwon ou a ta dwe fè ou konnen lè vaksen an vin disponib pou ou.

  • Si ou se yon travayè swen nan kay, ou ta dwe tcheke patwon ou anvan, ki ka ap òganize distribisyon vaksen an. Si se pa sa, ou ka pran yon randevou pou al pran vaksen an swa sou sit entwèb Vil New York la oswa Eta New York la. Si ou bezwen asistans pou ka pran yon randevou, ou ka kontakte patwon ou a oswa Kòdonatè sansibilizasyon ou an. Si ou bezwen yon asistans anplis, ou ka dirèkteman voye yon imèl bay [email protected] oswa jwenn enfòmasyon kontak Kòdonatè sansibilizasyon ou a isit la.

Anplis de sa, ou ka pale tou ak òganizatè ou a. Tanpri kontinye retounen tcheke dènye enfòmasyon sou kijan ou ka pran vaksen an epi Tanpri mete nan lespri ou akoz Fon yo pa ka sipòte konsèy medikal, ou ta dwe pale ak doktè ou a si ou gen kesyon espesifik sou sante ou ki konsène vaksen yo.

Èske Benefit Fund kouvri depans pou moun vaksinen an?

Wi. Pa gen onkenn kòb pou peye pou vaksen an, epi Benefit Fund ap peye depans ki asosye ak pran piki vaksen an. Si se nan espas travay ou yo ofri w vaksen an epi yo mande w pou w prezante Kat Idantite 1199SEIU Health Benefits ou a, li nòmal, ou kapab fè sa. Benefit Fund ap kouvri depans ki an rapò ak ba w vaksen an.

Èske w gen yon konsèy pou manm retrete yo ki vle pran vaksen an?

Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo egzije nan Faz 1a pou gouvènman federal, leta ak gouvènman lokal yo vaksinen travayè swen sante yo, rezidan yo ak anplwaye nan etablisman swen alontèm yo an premye epi te rekòmande pa twò lontan pou granmoun 65 lane ak pi gran yo menm jan ak moun ki gen kondisyon sante grav yo pou yo benefisye priyorite pou vaksen an tou.

Kòm nou kontinye aprann plis sou vaksen an ak disponiblite li pou retrete tankou ou yo, nou pran angajman pou kenbe okouran, kidonk asire ke ou ap vizite sit entènèt nou an, www.1199SEIUBenefits.org/vaccines, epi siveye detay pwochen seyans enfòmasyon yo etan sou entènèt ki pou retrete yo. Rezidan New York yo ka jwenn enfòmasyon tou sou kijan pou pran yon randevou pou pran vaksen an swa sou sit entènèt Vil New York la oswa Eta New York la.

Antanke yon retrete, ou konnen ke ou gen gwo risk konplikasyon grav pou COVID-19 e nou konprann ke li te espesyalman difisil pou pwoteje tèt ou ak fanmi ou kont maladi a epi nou ankouraje w pran vaksen an lè li vin disponib pou ou a. Tanpri mete nan lespri ou akoz Fon yo pa ka sipòte konsèy medikal, ou ta dwe pale ak doktè ou a si ou gen kesyon espesifik sou sante ou ki konsène vaksen yo.

Èske vaksen an ka ban m COVID-19?

Non. Vaksen Pfizer ak Moderna yo pa gen viris la ladan yo. Olye de sa, yo gen enstriksyon pou selil ou yo ki rele “ARN mesaje” ki di selil ou yo pou yo fè pwoteyin COVID-19 Spike yo. Infwa ke selil ou yo fè pwoteyin spike la, sistèm iminitè ou ap kreye antikò pou goumen kont COVID-19 epi pwoteje w pou viris la pa rann ou malad.

Èske mwen ka gen COVID-19 apre mwen fin vaksinen?

Lepisouvan, kò a pran kèk semèn pou li konstwui pwoteksyon apre vaksen an. Sa vle di, li posib pou yon moun enfekte ak viris la tousuit avan oswa apre li resevwa vaksen an epi pou li malad. Paske vaksen an pa gen ase tan pou li bay pwoteksyon an.

Èske vaksen COVID-19 la gen efè segondè?

Gen kèk moun lè yo fin resevwa vaksen ki konn devlope kèk efè segondè, espesyalman apre dezyèm dòz vaksen an. Touletwa vaksen ki sou teren an pa gen gwo efè segondè, rapò a bay ke yo ka bay ti efè leje jiska yon efè mwayen, tankou doulè kote w resevwa piki a, fatig, doulè nan misk ak nan atikilasyon yo pandan yon jou ou de. Si yon moun ap gen yon move reyaksyon ak vaksen an, sa plis ka rive nan premye sis semèn apre vaksinayson an.

Èske vaksen an anpeche COVID-19? Kisa avantaj yo ye?

Daprè Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo, vaksen COVID-19 la travay pou fè sistèm iminitè ou konnen kijan pou rekonèt ak konbat viris ki lakòz COVID-19 la, ki pwoteje ou pou ou pa malad ak COVID-19. Pwoteje tèt ou kont tonbe malad se enpòtan paske menm si anpil moun ki gen COVID-19 gen sèlman yon maladi ki pa grav, lòt moun ka pran yon maladi grav, gen efè sante ki dire lontan oswa menm mouri. Pa gen okenn fason pou konnen kijan COVID-19 ap afekte ou, menm si ou pa gen yon gwo risk pou devlope konplikasyon ki grav. Lè w pran vaksen an li ap diminye risk ou yo anpil epi sa ka ede ralanti pwopagasyon maladi a tou. Tanpri mete nan lespri ou akoz Fon yo pa ka sipòte konsèy medikal, ou ta dwe pale ak doktè ou a si ou gen kesyon espesifik sou sante ou ki konsène vaksen yo.

Kisa ou ta dwe fè si ou gen lafyèv apre ou fin pran vaksen an?

Li pa etonan pou sentòm tankou lafyèv, maltèt oswa frison rive apre yo te fin pran vaksen pou COVID-19 la. Sa yo dwe disparèt sou youn oswa de jou. Si lafyèv ou a oswa lòt sentòm yo kontinye toujou apre tan sa, ou ta dwe al wè doktè ou a oswa founisè swen sante ou a.

Èske m ka melanje epi pran nenpòt dòz vaksen COVID-19 yo?

Non. Si se yon vaksen a de (2) dòz ke w ap resevwa,dezyèm dòz ou a sipoze soti nan menm vaksen ak premye a. Vaksen Pfizer ak Moderna yo mande pou moun nan resevwa de (2) dòz pou vaksen an ka fè travay pou l fè a. Moun nan sipoze resevwa dezyèm dòz vaksen Pfizer a 21 jou apre premye dòz la. Moun nan sipoze resevwa dezyèm dòz vaksen Moderna a 28 jou apre premye dòz la.

Etandone ke vaksen yo pa gen menm konpozisyon, yo pa konsève menm jan, epi etandone ke kantite jou pou pran chak dezyèm dòz yo diferan, ekspè yo di ke moun yo sipoze pran menm vaksen an pou toulede dòz yo.

Èske ou ka transmèt moun viris la si w ekspoze a viris la apre w fin resevwa vaksen an?

Wi, sa posib. Menm lè vaksen Pfizer a bon a 95 pousan, gen yon ti chans tou piti koto w ka rantre an kontak ak yon moun ki enfekte epi pou w simaye viris la. Vaksen Pfizer a nesesite de (2) piki youn apre lòt apre 21 jou. Akoz ke nòmalman vaksen an pran kèk semèn pou li konstwui pwoteksyon apre ou fin resevwa li, ou kapab vin enfekte a viris la si w antre an kontak a yon moun ki gen COVID-19 jis avan oswa apre ou resevwa vaksen an, men w ap pwoteje paske w te resevwa vaksen.

Èske m ap toujou bezwen mete mas epi toujou mete distans sosyal yo an pratik lè vaksen an disponib, epi apre m fin pran l?

Wi. Nou konnen ke vaksen Pfizer ak Moderna yo bon a 94 jiska 95 pousan, epi li posib pou vaksen an pwoteje w pou viris la pa fè w malad byen mal, men li pa p anpeche w simaye viris la bay lòt moun. Pa gen onkenn done ki montre konbyen tan pwoteksyon an ka dire—pwoteksyon an ka dekwat atravè letan, kidonk ou ka vin ekspoze ankò. Kidonk, nou ap toujou bezwen mete mas epi met distans sosyal yo an pratik jiskaske yon gwo pati nan popilasyon an resevwa vaksen epi jiskaske nou asire nou ke vaksen an bay yon pwoteksyon alontèm.

Kisa "iminite kolektif (herd immunity)" la vle di?

Si yon vaksen pa sèlman bay pwoteksyon kont maladi men li redui transmisyon an tou, epi sa kontinye ap fèt pandan plizyè lane, gon w lè k ap rive n ap vin antre nan yon eta iminite kolektif (oswa pwoteksyon kolektif), lè sa nou pa p bezwen mete mas ak pratike distans sosyal ankò. N ap ka antre nan nivo iminite kolektif la lè gen yon kantite sifizan nan popilasyon an ki vin paka transmèt maladi a alèd vaksen oswa antikò natirèl yon fason pou pwobabilite pou yon endividi transmèt viris la a yon lòt vin vrèman fèb.

Èske mezon enfimyè yo ak/oswa tout depatman lopital yo nan premye lo vaksen ki disponib yo?

Wi, paske kantite vaksen COVID-19 ki disponib lan limite, Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi Etazini an ( U.S. Centers for Disease Control and Prevention) fè obligasyon pou nan Faz 1a ke gouvènman lokal, eta yo, ak federal vaksinen moun k ap travay nan sant sante yo anmenm ke rezidan ak estaf ki nan sant swen alontèm yo.

Èske nou ka gen yon kopi prezantasyon PowerPoint ou an sou vaksen an pou nou pataje nan lopital nou yo?

Wi, prezantasyon an disponib la pou telechaje.

Èske ou ka pale nou de nouvo kouch COVID-19 la ki an Ewop la epi si vaksen an ka anpeche moun genyen l?

Men sa nou konnen: Langletè te idantifye yon nouvo kouch Kowonaviris ke moun ka trape pi fasil, ki lye ak nouvo remonte ka yo nan peyi Angletè. Gen yon premye evidans ki sijere nou ke ta sanble ke nouvo kouch lan soti nan yon moun ki te gen chaj viral li ki te wo, sa vle di ke viris la vin pi fasil pou l transmèt a yon lòt moun. Nouvo kouch lan gentan simaye nan monn lan, yo gentan idantifye l Dànmak, Bèljik, Lawoland ak an Ostrali. Gen yon kouch ki menm jan an men ki diferan ke yo idantifye nan Afrikdisid tou. Pa gen onkenn evidans ki montre ke nouvo kouch COVID-19 yo pi mòtèl pase kouch ki Ozetazini yo.

Anplis, poko gen onkenn siy ki montre ke vaksen aktyèl COVID-19 yo pa p mache pou nouvo kouch lan. Konpayi ki dèyè de (2) premye vaksen yo—Pfizer/BioNTech ak Moderna— pou yo jwenn otorizasyon Etazini, ap teste vaksen yo an pou yo asire yo ke li bon kont nouvo kouch la.

Nan ki ka yon moun ka PA pran vaksen, si genyen?

Si w abitye gen gwo alèji oswa gwo gwo alèji (anaphylaxis) a nenpòt ki pwodui nan vaksen kont COVID-19 la, ou pa sipoze vaksinen.

Gen kèk enfòmasyon sou entènèt konsènan COVID-19 ki fè konnen ke ARNm lan ap modifye ADN moun ki pran vaksen an. Èske sa gen yon reyalite dèyè l vre, oswa se vye enfòmasyon k ap sikile?

Vaksen yo pa afekte oswa entèraji ak ADN nou nan onkenn fason—ARNm lan pa antre anndan nwayo selil la, ki se kote ADN nou konsève a. Selil lan kase epi abandone ARNm lan imedyatman li fin itilize enstriksyon pou li kreye antikò yo. Anplis de sa, vaksen an pa ka ba yon moun COVID-19 paske ARNm vaksen yo pa itilize viris ki anvi ki lakoz COVID-19 la.

Kesyon ki gen rapò ak pwosesis apwobasyon ak devlopman vaksen an:

Mwen tande ke FDA akòde estati EUA a vaksen COVID-19 Pfizer a. Kisa EUA vle di?

Dèfwa, FDA ap pèmèt yo itilize yon pwodui medikal ki poko fin resevwa tout apwobasyon pou yo dyagnostike, trete, oswa fè prevansyon kont yon maladi ki grav. Yo rele sa Otorizasyon Itilizasyon an Ijans (Emergency Use Authorization, EUA). FDA kapab bay yon EUA si li remake ke pwodui a “ka bon” kont maladi a, selon tout done syantifik ki disponib yo. Sa se yon estanda ki pi ba pase estanda ki mande pou gen yon apwobasyon total de pwodui a, men apwobasyon sa baze kanmenm sou done yo rasanble nan esè klinik yo.

Kòman pwosesis apwobasyon vaksen kont COVID-19 la mache?

Ozetazini, se Administrasyon Manje ak Medikaman Etazini an (U.S. Food and Drug Administration, FDA) ki sipoze apwouve vaksen yo anvan yo itilize yo. FDA baze sou esè klinik yo pou li pran desizyon pou li apwouve oswa pa apwouve yon vaksen. Se ekspè endepandan ki revize done yo, ekspè sa yo pa fè pati gouvènman an oswa konpayi famasi yo, ansanm ak syantifik ak doktè ki gen karyè nan FDA ki pa antre nan yon ideyoloji politik epi ki se ekspè nan sekirite ak efikasite vaksen.

Syantifik yo al chèche si vaksen an pa ka lakoz efè segondè ke moun pa t atann, sa pèmèt yo detèmine si vaksen an san danje. An jeneral, plis efè segondè yo mwens ak pi piti plis yo konsidere vaksen an san danje. Si esè klinik lan montre ase evidans sou efikasite ak sekirite vaksen an, FDA ap apwouve vaksen an epi li ap bay lisans pou yo itilize l nan Etazini.

Vaksen COVID-19 yo devlope nan yon ti kras tan, èske yo san danje vre?

Vaksen ARN mesaje (ARNm) ke Pfizer ak Moderna pwodui yo fasil pou devlope paske yo pa mande fabrikan vaksen yo pou yo pwodui pwoteyin oswa afebli yon patojèn pou vaksen an. Vaksen ARNm sa yo parèt san danje epi mwens riske pase vaksen yo eseye epi teste, tankou vaksen timoun pou lawoujòl la.

Èske esè klinik pou vaksen kont COVID-19 yo te gen ladan yo gwoup popilasyon ki plis afekte a viris la, espesyalman nwa yo, latino yo ak moun ki granmoun?

Wi. Pandan ke vaksen yo travay menm jan nan moun ki soti nan diferan ras oswa gwoup etnik, li enpòtan tou pou nou asire nou ke vaksen yo teste nan plizyè kouch popilasyon an anvan nou mete yo deyò. Faz 3 esè klinik ke Pfizer ak Moderna te fè yo te gen ladan yo yon gran kantite popilasyon ki soti nan gwoup popilasyon ki gen plis risk a COVID-19 yo. Nan esè Pfizer ki fèt Etazini an 13.1 pousan popilasyon te ispanik oswa latino, 10.1 te nwa, 5.5 te ameriken-azyatik epi 1 pousan te natif ameriken. Anviwo 45 pousan patisipan yo te genyen ant 56 a 85 lane.

Moderna pa t bay yon rapò presi sou chif li te itilize nan esè ki fèt Etazini an, men li di ke 20 pousan patisipan li yo te idantifye antanke ispanik oswa latino epi 10 pousan te idantifye yo antanke nwa osswa ameriken afriken. Moderna te di tou ke nan esè li an 23.3 pousan patisipan yo te gen plis pase 65 lane ansanm ak 16.7 pousan patisipan ki te anba laj 65 lane men ki te gen gwo risk maladi kwonik, tankou dyabèt, gwo obezite ak maladi kadyak.

AstraZeneca te di ke patisipan nan esè li a soti nan plizyè gwoup ras ak zòn jewografik men li pa t bay onken enfòmasyon espesifik ki klè.

Èske t ap gen yon diferans si vaksen an te pwodui nan ansyen metòd la? Konbyen tan sa t ap pran konsa?

An mwayèn, sa ka pran 10 a 14 lane pou devlope yon nouvo vaksen. Avantou, syantifik yo genyen pou yo detèmine kòd jenetik viris la—yo te rive krake kòd COVID-19 la nan yon ti tan rekò. Gras a yon teknoloji yo devlope depi dis lane, Pfizer ak Moderna te rive devlope vaksen ARN mesaje (ARNm) yo a rapid paske yo pa t genyen pou yo pwodui pwoteyin oswa pou yo te afebli yon patojèn (yon ògnism ki lakoz maladi) pou vaksen an.

Vaksen tradisyonèl yo lepisouvan yo itilize yon vèsyon afebli patojèn lan oswa yon pwoteyin patojèn lan, epi akoz ke se nan ze oswa selil yo fè yo grandi, devlope vaksen tradisyonèl pran anpil tan. Men tou, vaksen ARNm yo itilize sèlman materyèl jenetik ki fè pwoteyin spike sou sifas kowonaviris la, ki enfekte selil imèn yo—kidonk konsepsyon ak fabrikasyon vaksen sa yo senplifye epi yo fè nou evite yon pwosesis ki t ap al pran anpil lane.

Èske gen yon mizajou sou vaksen Johnson & Johnson lan ki itilize sèlman yon dòz la? Epi èske li itilize ARNm teknoloji oswa yon kowonaviris ki mouri oswa afebli?

Johnson & Johnson kòmanse faz 3 esè klinik yo an an desanm, ki gen ladan l anviwon 45,000 patisipan pou yo teste vaksen yon sèl dòz yo a kont COVID-19. Yo espere prezante rezilta esè klinik yo an a Administrasyon Medikan ak Manje Etazini an apati fen janvye 2021.

Vaksen Johnson & Johnson lan se yon vaksen kont adenoviris rekonbinan ki itilize yon patojèn ki anvi. Vaksen rekonbinan yo ka gen enkonvenyan. Pa egzanp, sa ka mande pou moun nan pran vaksen rapèl atravè letan. Nan kèk egzanp nan vaksen ki menm jan an nou jwenn vaksen kont nemokòk (pneumococcus) ak vaksen kont maladi menengokòk (meningococcus). Premye rezilta yo montre ke yon sèl dòz vaksen Jhonson & Jhonson lan ka pouse 97% patisipan ki te nan etid la kreye antikò ki netralize viris la tout bon vre nan laboratwa, men rezilta etid klinik ki ap montre kòman vaksen an anpeche maladi a reyèlman an atant.

Moderna pa t janm devlope vaksen anvan sa; poukisa nou sipoze kwè nan vaksen yo an?

Administrasyon Medikaman ak Manje Etazini an otorize pou yo bay vaksen an a moun ki gen 18 lane ak sila yo ki pi gran pou fè prevansyon kont COVID-19. Estaf FDA a revize sekirite ak efikasite vaksen yo a apati done esè klinik yo a ki fèt sou 30,000 moun, anpitou Moderna bay tout enfòmasyon yo te mande yo. An konsekans, FDA konkli ke vaksen an vrèman efikas nan pwoteje moun kont COVID-19 avèk sentom, san onkenn pwoblèm sekirite espesifik ki ka anpeche otorizasyon l. FDA pran an konsiderasyon tou fidbak nan men yon komite konseye ki pa fè pati òganizasyon an, konseye sa yo te bay 20 vòt sou 0, pou di ke avantaj vaksen an depase risk li, se sèlman yon moun ki te fè rezèv

Èske gen moun nan etid la ki te gen paralizi Bell (paralizi nan vizaj)?

Wi, men se yon efè segondè ki ra. Rapò ki soti nan Pfizer ak Moderna montre ke se sèt (7) patisipan nan esè vaksen kont COVID-19 yo ki te fè eksperyans paralizi Bell la, nan kèk semèn apre vaksen an. Frekans ka sa yo pa pi plis pase frekans paralizi Bell la nan popilasyon an an jeneral. Anplis de sa, sentom paralizi Bell yo lepisouvan toujou pase poukont yo.

Kesyon sou manm ki gen kondisyon sante anvan sa oswa ki nan yon gwoup laj byen espesifik:

Èske fanm ansent ka pran vaksen an?

Wi. Fanm ansent ki trape COVID-19 gen plis chans pou vin malad mal epi etène. Menm lè vaksen Pfizer a pa t teste sou fanm ansent, pa gen onkenn done sekirite espesifik ki gen rapò ak itilizasyon vaksen an sou fanm ansent, men vaksen an pa gen viris la ladan l, nonplis li pa itilize adjivan pou amelyore efikasite l. Kolèj Ameriken Obstetrisyen ak Jinekològ yo (The American College of Obstetricians and Gynecologists) te di ke vaksen an san danje pou yon moun ki ansent oswa ki ap bay tete epi li rekòmande pou doktè yo revize risk ak avantaj vaksen an lakay pasyan ki ansent yo – an menm tan ak risk ki genyen lè yo pa vaksinen tou. Asire w pou w konsilte doktè w la anvan w pran vaksen an.

Èske w sipoze pran vaksen an si w gen alèji?

FDA santi ke li sipoze san danje pou pifò moun ki fè alèji pran vaksen Pfizer a. Men, FDA rekòmande ke endividi ki te gen yon gwo reyaksyon alèjik a vaksen anvan sa oswa a engredyan ki nan vaksen Pfizer a sipoze evite pran vaksen COVID-19 la. Si w te gen alèji, ou sipoze pale ak doktè w la pou asire w ke w pa gen onkenn alèji a onkenn nan konpozan vaksen an. Sit entènèt FDA a gen lis engredyan ki nan vaksen Pfizer a, doktè w la kapab refere l avè yo pou li detèmine si w ap gen yon alèji.

Mwen gen gwo alèji epi mwen te gen kèk move reyaksyon ak kèk vaksen deja–èske mwen sipoze vaksinen?

CDC rekòmande ke moun ki te fè eksperyans gwo reyaksyon deja ak lòt vaksen oswa medikaman atravè piki kapab toujou pran vaksen kont COVID-19 Pfizer a, men yo sipoze diskite sou risk sa ka genyen ak doktè yo anvan. Si yo pran vaksen an, yo sipoze siveye yo pou 30 minit apresa. Doktè w la kapab refere l a lis engredyan ki nan vaksen Pfizer a nan sit entènèt FDA a pou li detèmine si w ap alèji ak yo.

Si mwen te gen COVID-19 deja, èske m ap bezwen pran vaksen?

Pa gen ase enfòmasyon aktyèlman ki disponib ki di si yon moun pwoteje oswa pou konbyen tan li pwoteje apre l fin gen enfeksyon an pou l pa gen COVID-19 ankò. Gen kèk evidans ki kòmanse montre ke iminite natirèl kont COVID-19 la ka pa dire lontan. Kidonk, li rekòmande pou w toujou vaksinen.

Mwen se yon retrete. Èske vaksen an efikas pou moun ki granmoun?

jiskaprezan, repons lan se wi. Esè klinik Pfizer ak Moderna te montre ke an majorite, vaksen yo bay menm pwoteksyon ak moun ki granmoun ansanm ak moun ki jèn. Ofiamezi moun yo ap vaksinen, konpayi ki fè medikaman yo ansanm ak CDC ap kontinye suiv yo pou yo ka siveye efikasite vaksen an sou moun ki gen plis pase 65 lane, ki gen repons iminitè yo ki pa fò nan menm pwen ak moun ki jèn yo. Sa ki sèten sèke menas konplikasyon COVID-19 la poze a pi riske pou gwoup sila.

Èske timoun yo ka pran vaksen an?

Yorekòmande vaksen Pfizer a pou moun apati laj 16 lane, etandone ke esè klinik konpayi an pa t gen timoun oswa fanm ansent ladan l. Pfizer fenk kòmanse yon nouvo esè, ak 2,000 patisipan, pou timoun apati laj 12 lane rive 15 lane.

Si w gen kansè, èske w ka pran vaksen an?

Wi, 30,000 moun nan esè klinik yo te gen kondisyon kwonik, kidonk si w gen kansè oswa yon kondisyon sante tankou dyabèt, tansyon ki wo oswa obezite ou ka pran vaksen an. Li espesyalman enpòtan pou pasyan ki gen kansè yo pran vaksen kont COVID-19 la. Gen tretman kont kansè ki ka afebli sistèm iminitè ou epi ogmante risk ou pou viris la mete w malad grav. Asire w pou w konsilte doktè w la anvan w pran vaksen an.

Mwen alèji ak penisilin; èske li san danje pou mwen pran vaksen an?

Wi. Alèji tankou gwo gwo reyaksyon alèjik a penisilin ansanm ak lòt medikaman pa yon kontrent oswa yon rezon pou yon moun evite pran vaksen Pfizer a amwenske moun nan alèji a Polyethylene glycol (PEG)—yon engredyan ki nan vaksen an.

Anplis de sa, Kolèj Ameriken ki regle kesyon Alèji, Opresyon ak iminoloji a (American College of Allergy, Asthma and Immunology) estime ke moun ki soufri alèji moun soufri fasil yo tankou alèji a medikaman, manje, sant, ensèk, ak latèks yo pa gen plis risk pase gran piblik la pou yo ta gen yon reyaksyon alèjik a vaksen COVID-19 Pfizer a. Yo santi ke pasyan yo sipoze enfòme de ansanm avantaj vaksen an olye de risk li yo.

Men, fòk ou konnen ke akoz Funds lan pa ka bay konsèy medikal, li enpòtan anpil pou w pale ak doktè w la oswa founisè swen sante ou an si w ta gen kèk kesyon espesifik konsènan sante w pa rapò ak vaksen an epi pou w detèmine si li ap bon pou ou si w resevwa l. Anplis de sa, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi Etazini an (U.S. Centers for Disease Control and Prevention) rekòmande ke nenpòt moun ki gen alèji pou yo diskite sitiyasyon yo an ak doktè yo pou yo ka evalye risk yo.

Benefit Funds pa bay konsèy medikal. Ou sipoze toujou chèche konsèy medikal nan men doktè w oswa yon founisè swen sante ki kalifye konsènan nenpòt kondisyon sante, tretman ak kesyon medikal ou ta genyen.

Kesyon yo Poze pi Souvan sou COVID-19

Kesyon jeneral konsènan viris la:

Ki sentom COVID-19 yo?

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi yo te avize ke sentom COVID-19 yo se lafyèv, tous, souf kout oswa difikilte pou respire, nen k ap koule, anvi vomi, frison, tranbleman ak frison, doulè nan misk, gòj fè mal, tèt fè mal ak pa pran sant ak gou.

Mwen panse ke li posib pou mwen te ekspoze ak COVID-19 la? Kisa mwen sipoze fè?

Si w panse w te ekspoze ak yon moun ki gen COVID-19, evite vwayaje nan transpò piblik, evite rete nan sal atant ki gen foul epi rele Teladoc nan 800-TELADOC (835-2362) oswa vizite www.Teladoc.com, epi y ap ede w jwenn swen ou bezwen an.

Èske COVID-19 ka sibi mitasyon?

Li posib pou viris la mite, men sipoze gen plis etid sou sa pou yo ka konprann li pi byen.

Kesyon konsènan fason pou evite viris la:

Mwen pa gen sentom, men kòman mwen ka pwoteje tèt mwen kont COVID-19?

Ou ka suiv menm etap ou konn suiv pou w pwoteje tèt ou kont rim ak grip yo pou w pwoteje tèt ou kont COVID-19:

  • Lave men w souvan ak savon ak dlo pou pi piti 20 segonn—espesyalman lè w sot nan saldeben, anvan w manje epi apre w fin mouche nen w, apre w fin touse oswa estène.
  • Kouvri bouch ou ak nen w lè w ap touse oswa estène.
  • Evite touche zye w, nen w oswa bouch ou si men w pa lave.
  • Evite kontak sere ak moun ki malad.
  • Rete lakay ou si w malad, esepte si w pral chèche swen medikal.
  • Netwaye epi dezenfekte objè ak sifas ou manyen yo.
  • Pratike “distans sosyal.”

Tcheke paj Dr. Dunn’s lan sou sit entènèt nou an ansanm ak sit entènèt Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a www.CDC.gov pou w ka jwenn dènye enfòmasyon sou prevansyon yo.

Kisa distans sosyal ye?

Distans sosyal vle di kenbe plizyè pye oswa espas ant oumenm ak lòt moun, chak lè sa posib. Lè nou kenbe yon distans sosyal ak lòt yo, sa ap redui risk pou yon endividi ki enfekte transmèt ou viris la. Anplis pratik distans sosyal la nan yon nivo endividyèl, se yon bon ide pou nou evite rasanble kote nou ap gen kontak sere ak foul moun.

Kòman mwen ka pwoteje tèt mwen kont COVID-19 lè mwen ap pran transpò piblik?

Si w gen pou w pran transpò piblik, eseye pa touche manch pou kenbe yo, epi si w oblije touche yo, itilize sanitayzè pou men oswa lave men w anvan w manyen vizaj ou. Ou sipoze eseye pran distans ak lòt moun otan ke w kapab.

Kesyon konsènan efè COVID-19 sou moun ki gen yon move kondisyon sante deja:

Madanm mwen gen opresyon—èske li plis an danje si li trape viris la?

Lè moun ki gen opresyon gen enfekson respiratwa oswa viris, li kapab pwovoke oswa rann sentom opresyon yo vin pi mal.

Viris la kapab enfekte moun a tout laj. Moun ki granmoun (plis pase 60 lane) ak moun ki gen yon kondisyon medikal anvan sa (tankou opresyon, dyabèt, maladi kè) parèt plis vilnerab pou yo vin malad pi mal ak viris la.

Si ou menm oswa madanm ou gen lafyèv, tous ak souf kout, rele doktè swen prensipal ou a oswa rele Teladoc imedyatman, nan 800-TELADOC (835-2362).

Mwen gen yon kondisyon respiratwa epi mwen gen angajman pou mwen travay chak jou. Mwen pè pran transpò piblik. Èske pa gen onkenn modèl konje ki disponib pou mwen?

Mwen konprann krent ou ak enkyetid ou antanke yon tavayè swen sante ki gen yon kondisyon sante. Manm nou yo fè pati premye estaf ki gen pou pran swen pasyan ki ka gen COVID-19 yo, mwen salye devouman w ak sèvis ou bay ak sila yo ki malad yo. Nou te transfere kesyon ou an bay sendika a, paske Funds lan pa jere konje anplwaye. Manm ki gen kondisyon sante epi ki preyokipe a yon potansyèl ekspozisyon a COVID-19 sipoze pale ak anplwayè yo an konsènan sitiyasyon yo.

Kesyon konsènan tès ak tretman:

E si mwen bezwen pase yon tès?

Doktè Teladoc la ap konekte w ak depatman sante vil la oswa eta a pou yo pase w tès, epi pale w de mezi karantèn ki ka nesesè pou w suiv epi y ap mete doktè prensipal ou an okouran.

Èske fòk mwen peye pou tès la?

Non, Benefit Fund kouvri tout bagay pou ou – pa gen onkenn kòb k ap sot nan pòch ou pou w pase tès COVID-19 la.

Mwen fè opresyon epi mwen menm plis enkyete pase majorite popilasyon an. Èske mwen sipoze santi m malad, èske 1199SEIU kouvri tout frè ki asosye ak tretman kowonaviris la ansanm ak tès ki asosye avè l yo?

Wi. Benefit Fund lan kouvri tès pou dyagnostike kowonaviris la, oswa COVID-19 la san w pa peye onkenn frè nan pòch ou. Si w gen sentom tankou lafyèv, tous, oswa souf kout, rele Teladoc nan 800-TELADOC (835-2362). Ou ka pale ak yon doktè ki ka reponn tout kesyon w yo konsènan COVID-19 epi pou l detèmine si yo bezwen egzamine w ak pase w tès. Doktè Teladoc la ka ede w jwenn yon sant medikal oswa yon doktè ki ka founi w tout sèvis ke w bezwen yo, anmenm tan ak mete doktè prensipal k ap ba w swen an okouran. Teladoc ap menm rele alavans epi mete doktè w la okouran ke li posib pou w gen COVID-19, yon fason pou w ka resevwa swen pi bonè ke posib.

Mwen se yon travayè 1199SEIU k ap bay swen adomisil, mwen pa gen sentom COVID-19 men mwen ta renmen yo pase m yon tès. Mwen gen dyabèt epi mwen ap viv ak manm fanmi ki gen gwo risk, mwen jis ta renmen an sekirite.

Selon gid federal aktyèl la, se sèlman moun ki prezante sentom epi ke yon doktè evlaye epi ki pase lòd pou l al pase tès COVID-19 ke Fund lan kouvri. Si w gen kontak sere ak yon moun ki gen COVID-19 epi w genyen oswa devlope semtom (lafyèv, gòj fè mal, nen ki bouche, nen ki ap koule oswa tous) rele founisè swen sante w la oswa rele Teladoc nan 800-TELADOC (835-2362) epi pale yo de kondisyon sante w ak ekspoze ou te ekspoze a. Si w potko kreye yon kont Teladoc, tanpri al fè sa pi vit ke w kapab nan www.Teladoc.com yon fason pou w diminye sou tan sa pra l pran pou ret tann lan. Yo pa ka ede w si w pa gen yon kont. Yon doktè nan Teladoc ap verifye si ou nesesite pase yon tès, men fòk ou konnen ke pa gen onkenn tretman pou COVID-19. Moun ki malad lejèman yo kapab izole tèt yo epi pran swen tèt yo poukont yo lakay yo.