Kèlkeswa kote ou ye nan pakou sante ou, nou la pou sipòte ou!
Nou tout vle viv lavi a konplètman epi prezan pou moun nou renmen yo, men pou fè sa nou dwe pran swen tèt nou. Li pa toujou fasil pou reponn a tout egzijans lavi epi pou fè chwa k ap kenbe ou an sante, kidonk pou ede ou, nou kreye Sant Resous pou Viv an Santepou fè pakou w anvè yon vi ki pi an sante pi fasil. Anplis enfòmasyon itil, orè klas yo ak konsèy, w ap tande lòt travayè swen sante ki pataje istwa siksè yo. Al gade li jodya—nou panse ke ou ap kontan dèske ou te fè sa!
Donna Rey, EdD
Direktè Egzekitif ak PDG,
1199SEIU Fon Avantaj ak Pansyon
Mesaj Direktè Egzekitif La
Chè Manm Swen Adomisil 1199SEIU:
Byenvini nan yon edisyon espesyal Pou Avantaj Ou, ki te kreye pou enspire ou menm, manm nou yo, pou nou viv yon vi ki pi an sante, viv plis nan lajwa. Edisyon espesyal sa a konsantre sou sante total ou, paske pou tout sa w te viv—ak tout sa w fè—ou merite pou OU jwenn atansyon! Epi, pou sipòte w nan chimen sante w, mwen kontan pataje avèk ou nouvo Sant Resous Viv An Sante nou an sou Entènèt la!
Menm jan ak anpil nan nou, mwen konnen pafwa li kapab difisil pou nou pran tan n ap bezwen pou nou pran swen tèt nou, resouse nou ak asire ke nou an bòn sante. Poutan, yon bon sante se sa ki pèmèt nou gen lajwa nan lavi a. Li pèmèt nou viv lavi nou pi plis, debloke opòtinite yo epi rete prezan pou moun nou renmen yo. Se poutèt sa nou te kreye Sant Resous pou Viv an Sante. Se fason nou sipòte w nan chimen lasante w, lè nou ba ou enfòmasyon ak zouti ou bezwen pou w byen pwospere epi viv pi bon lavi w. Nou konnen ke ou pran sante ou oserye, e nou vle fè chimen ou pi fasil. Chimen ou a kòmanse ak yon ti etap. Etap sa a pral diferan pou tout moun, men lè w kòmanse piti epi apiye sou reyalizasyon w yo, w ap reyisi. Se sèlman ou ki ka debloke pòt sante ou epi nou la pou bay kle yo pou ou fè sa.
Prepare w pou yon bèl eksperyans. Pou ede w jwenn wout pou kontinye byennèt ou, sant resous la ak edisyon espesyal Pou Avantaj Ou divize an seksyon sa yo: Manje ki Sen, Kò Ki An Sante, Kè Ki An Sante, Lespri Ki An Sante Ak Bon Relasyon Ak Pwofesyonèl Swen Sante Yo. Chak domèn bay fason pou w aprann epi konekte, kit ou prefere opsyon vityèl, an pèsòn, poukont ou, youn a youn, gwoup, tradisyonèl, ki pa tradisyonèl oswa opsyon olistik.
W ap tande tou lòt travayè swen adomisil, yo ap pataje pwòp eksperyans pa yo avèk yon lavi an sante ak avantaj li yo. Anplis de sa, ou pral tande ekspè yo, aprann sou nivo sante ou ta dwe siveye epi chèche konnen apwopo resous Fon Avantaj yo.
Natirèlman, edisyon sa a bay jis yon apèsi de Sant Resous pou Viv an Sante. Tanpri vizite Healthy Living Resous Center regilyèman pou dekouvri tout sa li gen pou l ofri. Epi nou ta renmen konnen kisa ou panse—ki enfòmasyon ou wè ki itil epi kisa ou ta renmen wè ankò. Ou pral kapab pataje panse ou, kesyon ak opinyon w avèk nou sou sit la. Nou paka tann pou nou fè chimen sa avèk ou.
Nou swete w yon bòn ane 2023 chaje ak kè kontan, sante ak lajwa—ak tout bèl pwomès ane a rezève pou ou—epi pòte w byen!
An sante,
Donna Rey, EdD
Direktè Egzekitif ak PDG
1199SEIU Fon Avantaj ak Pansyon
Pou w prezan fòk ou kòmanse ak manje ki sen

Kabiran. Medikaman. Lanmou. Manje se tout bagay sa yo epi plis toujou.
Yon bon alimantation ba nou fondasyon nou bezwen an pou nou ka prezan pandan pi bèl moman lavi a. Li ka ede timoun nou yo vin pi fò epi konsantre plis lekòl. Tout bagay sa yo ap pèmèt nou viv pi lontan, epi viv konplètman. Malgre prensip de baz yon bon alimantasyon senp, men li pa toujou fasil pou fè. Konnen ki kalite kabiran ki pi bon pou kò ou se yon bon fason pou kòmanse.
Fwi: Fwi fre yo pi bon, men fwi ki glase, nan bwat oswa sèk tou bay vitamin ak eleman nitritif enpòtan.
Legim: Varyete legim yo—pwa, kawòt, mayi, salad—kapab menm konvenk moun ki difil ak manje.
Pwodwi letye: Yawout ak fwomaj san grès ou avèk yon fèb kantite grès ap founi kalsyòm ki esansyèl.
Grenn konplè: Pen konplè, pat alimantè ak sereyal yo gen anpil vitamin, mineral, pwoteyin, antioksidan ak fib.
Pwoteyin: Pwoteyin tankou pwason, poul, pwa ak lantiy ede kò ou alimante epi kenbe yon pwa ki an sante.
Sous: Sant pou Kontwòl Maladi (Center for Disease Control, CDC), Healthline
Enskri nan WeightWatchers!
Weight Watchers gen yon nouvo apwòch olistik ki enkòpore estrateji pou sipòte objektif pèdi pwa ou atravè rejim alimantè, aktivite fizik, mantalite ak pi bon metòd pou dòmi. Si w benefisye swen sante atravè Fon Avantaj, enskri pou Weight Watchers kòm rezolisyon Nouvèl Ane w la!

Fè Konesans Tajwar
Manje aliman ki ap kenbe nou an sante fè nou santi nou pi byen epi li ede nou rete anfòm, kidonk nou evite pwoblèm pi devan.
Tajwar Hossain renmen fè manje ak fanmi li, prepare manje ki pa sèlman gen bon gou, men tou ki bon pou sante yo. Tajwar di: “Mwen asire m ke pitit mwen yo konnen ke byen manje pou ka an sante enpòtan. “Nou renmen kwit daal, kiri ak soup lantiy avèk legim fre ak vyann. Manje aliman ki ap kenbe nou an sante fè nou santi nou pi byen epi li ede nou rete anfòm, kidonk nou evite pwoblèm pi devan.” Ak manje aliman ki ap kenbe ou an sante enpòtan tou menm lè li lwen kay la. “Mwen pote nan travay la sandwich ke nou prepare davans,” li di. “Sa ede m evite manje tchanpan.” Fanmi Tajwar ofri tou sipò moral lè li bezwen li: “Depi lè timoun mwen yo konnen ke manje aliman ki bon pou lasante enpòtan, yo banm anpil atansyon, toujou raple m ke mwen bezwen byen manje.’’

Tande pwofesyonèl lan!
“Manje divès koulè fwi ak legim ap ede w asire w ke wap resevwa tout eleman nitritif ou bezwen yo.”
Abbie Gellman, MS, RD, CDN,
Dyetetisyèn diplome epi direktris an chèf Teaching Kitchen and Culinary Medicine at SBH Health System.
Manje Divès Koulè Fwi ak Legim:
Plant ki gen koulè diferan yo gen nivo ki pi wo nan eleman nitritif espesifik ak byenfè pou lasante—kidonk manje Divès Koulè Fwi ak Legim chak jou!
Yon kò ki an sante ba ou libète

Libète pou w reve. Libète pou w pwospere.
Fè plis mouvman nan woutin ou chak jou se pi bon fason pou amelyore byennèt emosyonèl ak fizik ou—epi ou ka pèdi pwa epi redwi risk pou maladi. Kidonk, te mèt wap retire pousyè sou tenis ou oswa lase yo pou premye fwa, li pa janm twò ta pou w mache, kouri, monte bisiklèt oswa danse—jis fè mouvman pou w ka fè bagay ou renmen yo!
Men kèk ide senp pou w kòmanse—eseye chwazi youn—epi sonje, chak ti jès konte!
- Desann tren oswa otobis la yon arè pi bonè epi mache pandan rès wout la.
- Pran eskalye yo olye pou pran asansè oswa eskalatò a.
- Pwofite de poz komèsyal TV an pou fè 10 abdomino oswa danse.
- Netwaye twalèt la, fè lesiv, lave asyèt—yo tout boule kalori.
- Leve kanpe, mache, detire oswa kontrakte misk vant ou kenbe l epi lage l pandan uit segonn a chak fwa, pandan senk minit plizyè fwa pa jou—nan travay oswa lakay ou.
- Jwe ak timoun ou oswa bèt domestik lakay ou.
- Fè yon ti mache pandan 30 minit apre yon repa yon fwa pa jou.
Sous: WebMD ak Enstiti Nasyonal Sante (National Institutes of Health, NIH)

Eseye antrenman Band Rezistans la
Kòmanse ak woutin kondisyon fizik ou a ak egzèsis ki pa gen anpil enpak tankou Egzèsis Pou Tout Kò Avèk Band Rezistans Fon Avantaj lan pou tout nivo kondisyon fizik.

Fè Konesans Edwin
Edwin Torres mache jouska onz kilomèt pa jou epi li itilize regilyèman ekipman pou fè egzèsis nan kay pou kenbe li an sante. “Eh, mwen prèske gen 60 lane,” li di. “Mwen dwe rete an fòm!” Dyagnostike ak dyabèt ak kolestewòl wo, Edwin te wè ki jan lòt moun ki gen kondisyon sa yo t ap pase li mal, kidonk li rete aktif pou ede kenbe tou de maladi yo sou kontwòl. Men, sa yo pa sèl rezon ki fè li fè egèzis. “Sa anbeli jounen m lè mwen fè egzèsis,” Edwin eksplike. “Lè mwen al kouri, mwen santi mwen te akonpli yon bagay—e sa fè kè m kontan.” Li menm gen yon modèl pou enspirasyon. “Grann mwen te viv jiska 106 lane,” li di. “Mwen vle rive tou pre laj sa a, tou!”

Opinyon yon pwofesyonèl!
“Opòtinite pou fè ajisteman ka gwo oswa piti, tankou enskri nan yon djim, kòmanse ak kou egzèsis an gwoup sou entènèt oswa an pèsòn, detire poukont ou oswa mache plis chak jou.’’
Manisha Kulshreshtha, MD,
Vis Prezidan Prensipal, Ofisye Anchèf Klinik ak Estrateji, SBH Health System
Konnen Chif Ou yo
Chif kondisyon fizik ou yo, depistaj prevantif regilye ak kontwòl chak ane kay doktè ou ap ede ou gen yon lide presi sou sitiyasyon ou, ki gen ladan batman kè ou ak tansyon ateryèl.
Depi nan kè w rive nan kè yo

Se yon machin enkwayab.
Kè w ap travay vennkat sou vennkat pou kenbe kò w ak lespri ou nan bon fonksyonman, epi ponpe san ak oksijèn nan tout ògàn ou yo. Men, pou fè travay li byen, li mande yon antretyen regilye. Pran swen kè ou pèmèt ou jwi zanmi ou, fanmi ou ak aktivite ou chak jou. Donk, pran tan w pou kenbe kè ou an sante:
Konnen nimewo ou yo – tansyon, kolestewòl, sik nan san, endis mas kòporèl ou.
Fè egzamen woutin – egzamen fizik chak ane, avèk tès depistaj rekòmande.
Manje aliman ki ap kenbe w an sante – fwi, legim, vyann, pwodwi letye, sereyal ak dlo.
Fè Egzèsis regilyèman – eseye fè egzèsis pandan 30 minit pa jou—sonje, li pa nesesè pou fè tout alafwa; chak ti kras egzèsis konte.
Kenbe yon pwa ki bon pou sante w – yon konbinezon manje ki sen ak egzèsis.
Jere estrès – pran swen tèt ou, meditasyon, chèche tan “pou mwen”.
Pa fimen – fimen ap andomaje veso sangen yo, ap ogmante tansyon ou.
Konsèy Pou w Viv Lontan
Konnen chif ou yo se youn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou w kenbe kè ou an sante. Donk, vizite paj Healthy Hearts nou an pou w ka wè tablo Know Your Numbers (Konnen Chif Ou Yo) a ak kalkilatris BMI nou an ki fasil pou itilize.

Fè konesans ak Sylvanus
Lè m siveye sante kè m, mwen konnen m ap fè tout sa mwen kapab pou m ka viv yon vi ki long epi an sante.
Apre li te dyagnostike ak dyabèt tip 2, Sylvanus Kidd te fè chanjman nan rejim alimantè li ak fason li tap viv pou l te ka kontwole sik nan san li—epi pou l prezève sante kè li. Sylvanus eksplike: “Mwen mache plis epi mwen fè atansyon ak sa m manje. Li diminye sou konsome sodyòm ak manje ki gen grès e souvan prepare farin avwàn ak frèz, franbwaz ak nwa pou manje nan maten. Li di: “Non sèlman li bon pou sante kè m,” li di, “Mwen santi mwen gen enèji lè mwen manje aliman ki sen.” Li bwè tou anpil dlo epi li toujou “konnen chif li yo,” lè li fè doktè li kontwole kolestewòl ak nivo sik ki nan san li epi verifye tansyon li de fwa pa jou. “Lè m siveye sante kè m, mwen konnen m ap fè tout sa mwen kapab pou m ka viv yon vi ki long epi an sante.”

Opinyon yon pwofesyonèl!
“Rechèch mwen an se sou devlopman estrateji pou diminye diferans rasyal la ak diferans mòbidite a an tèm de maladi kadyovaskilè—tansyon wo, tansyon wo ak stròk. Yon fason pou rezoud pwoblèm nan se pote sante nan kominote a (kwafè, sant pou granmoun, legliz). Ale nan kominote yo epi pale ak moun yo sou sante yo pa etranje pou mwen. Mwen trè alèz pou m pale ak moun ki gen diferan laj ak diferan kilti.”
Gbenga Ogedegbe, MD,
Pwofesè Medsin ak Sante Popilasyon,
Chèf Divizyon Sante ak Konpòtman ak Direktè Center for Healthful Behavior Change nan Depatman Sante Popilasyon nan Fakilte Medsin Inivèsite New York (New York University, NYU) Langone.
Sipò emosyonèl ka louvri mond lan

Antanke Founisè Swen Adomisil, ou te pwouve rezilyans ou pandan pandemi an.
Kounya, anpil nan nou rekonèt nesesite pou yon sipò emosyonèl pou kontinye viv ak pwofite pi plis de lavi a. Rekonèt lè nou bezwen èd oswa lè yon moun nou renmen ka benefisye de swen sante mantal se kle pou jwenn sipò pi vit ke posib.
Siveye siy sa yo:
- Fatig
- Chanjman konpòtman ak abitid
- Ogmantasyon konsomasyon sibstans/abi sibstans
- Chanjman atitid radikal
- Ogmantasyon iritabilite
- Izolasyon de zanmi/sispann aktivite yo te renmen avan
Chanjman konpòtman ak abitid
Fè yon bagay ki fè w santi w byen. Li ta ka li yon liv, gade yon fim, koute kèk mizik oswa fe yon ti mache ak chen ou. Kèlkeswa sa w chwazi pou w pran swen tèt ou, li enpòtan pou w kreye tan pou tèt ou.
Patisipe nan Klas Gratis Sou Atansyon Nou yo
Gade lis kou gratis Fon Avantaj yo sou entènèt la ki ka ede ou ranfòse byennèt emosyonèl ou.

Fè Konesans ak Bertha
Bertha Motta wè travay li anrichisan, men li admèt li ka ba li estrès, se poutèt sa li bay byennèt mantal ak emosyonèl li anpil atansyon. Bertha eksplike “avantaj sante mantal nou bay yo ede anpil.” “Asire w ke ou gen yon lespri an sante se yon kado ke ou ka bay tèt ou.” Apre sa, li vle tout moun konnen ke se nòmal pou pale sou pwoblèm sante mantal. “Anpil moun nan domèn nou an pè, men yo pa ta dwe pè.” Bertha te patisipe tou nan Pwogram Asistans Byennèt Manm Fon Avantaj la, kote li te aprann kèk konsèy—tankou fè yon long pwomnad nan vil la pou vide tèt li. “Mwen te ale nan Estati Libète a plis pase 50 fwa,” Bertha di ak yon souri. “Mwen mache tankou yon touris, e mwen renmen sa!”

Tande pwofesyonèl lan!
Gen plizyè fason pou abòde byennèt. Fè yon bon kout ri, manje bon manje, sa enkli legim ak fwi, pase tan nan lanati, ak fòm egzèsis tankou dans yo tout trè enpòtan.
Karinn Glover,
Attending, Sikyatri pou Pasyan Ekstèn nan Montefiore; Pwofesè Asistan nan Sikyatri ak Syans Konpòtman, Albert Einstein College of Medicine.
Jwenn Sipò
Doktè Karinn Glover analize siy fatig, chòk ak lapenn epi li ofri konsèy ak resous pou jwenn èd ou bezwen an.
Se yon patenarya

Yon mesaj Doktè Van H. Dunn, Chèf Medikal
Ou ka panse ou ta dwe wè doktè ou sèlman lè ou pa santi ou byen. Men, fè yon tchekòp chak ane kay pwofesyonèl swen prensipal ou (Primary Care Physician, PCP) se youn nan fason ki pi enpòtan pou rete an sante pou w ka pwofite tout lajwa lavi a. Yon PCP kapab yon doktè, asistan medikal oswa enfimyè pratikan ke w vizite pou pifò bezwen medikal ou epi ki ka jere pwoblèm sante w. Bati yon relasyon solid ak PCP ou a epi vizite yo chak ane pou yon bilan sante konplè asire ke yo pral aprann konnen ou, antesedan ou, abitid ou nan koze sante ak nenpòt kondisyon medikal ou genyen. Sa ap ede idantifye risk pou sante ou bonè pou w ka devanse yo epi asire w ke, si w bezwen li, wap jwenn pi bon trètman posib pou ou.
Li enpòtan pou PCP ou vrèman koute ou epi konprann ou. Doktè ou a ta dwe rekonèt nenpòt laperèz oswa enkyetid ou genyen epi reponn kesyon ou yo byen klè epi konplètman. Ou ta dwe santi w alèz pou w pale sou bagay ki ka pèsonèl, oswa menm anbarasan. Epi si w bezwen trètman, doktè ou a ta dwe eksplike w tout opsyon ki posib yo.
Si ou pa santi w alèz avèk pwofesyonèl swen sante aktyèl ou a, vizite Relasyon ki an sante pou konsèy sou sa pou chèche lè w ap chwazi yon nouvo.
Dyalòg Lib
Kit w ap chèche yon doktè pou premye swen oswa yon pwofesyonèl swen sante mantal, gen kesyon ou ta dwe poze pou fòje yon koneksyon solid. Donk, prepare lis ou anvan premye konvèsasyon ou a pou w asire ou ke ou jwenn bon moun lan.

Fè Konesans ak Tyrone
Si ou vle viv yon lavi ki long epi an sante, ale kay doktè ou!
Tyrone Liburd asosye ak doktè premye swen li an nan pouswit objektif sante li yo, li fè tchekòp li regilyèman san fot. Tyrone di “Ou ka parèt anfòm, epoutan anndan ka yon istwa diferan.” “Doktè mwen an ede m konnen sa m dwe fè pou m rete an sante. Li fasil pou w bliye priyorite w avèk tout sa k ap pase nan lavi w, men mwen fè l konfyans pou l di m si gen yon bagay ki anòmal pou m ka fè sa mwen sipoze fè epi repare l.” Antanke yon Antiyè, Tyrone di vizite pwofesyonèl swen sante li se yon bagay li pa pran pou aki. li eksplike “Kote mwen soti nan zile yo, nou pa reyèlman ale kay doktè,”. “Men, isit la mwen ka jwenn anpil enfòmasyon sou sante mwen jis nan yon konvèsasyon ak doktè mwen.” Se poutèt sa li pataje konsèy sa a ki senp, men ki enpòtan anpil: “Si ou vle viv yon lavi ki long epi an sante, ale kay doktè ou!”
Fè tès depistaj regilyèman enpòtan pou rete an sante

Depistaj
Depistaj | Ki moun ki ta dwe fè tès depistaj? | Konbyen fwa? |
---|---|---|
Egzamen fizik | Tout laj | Omwen chak ane |
Ipètansyon | Laj 18+ | Omwen chak ane |
Kolestewòl | Laj 18+ Si rezilta tès inisyal ou yo pa nòmal, oswa si w gen yon pi gwo risk pou w fè maladi kè |
Chak 5 lane Jan doktè w mande w la |
Koloskopi | Koloskopi | Koloskopi chak 10 an oswa tès san matyè fekal chak ane oswa kologad chak 3 zan Mande doktè ou ki tès ki pi bon pou ou |
Depistaj Glikoz/Sik nan san pou dyabèt | Laj 45+ | Chak 3 lane |
Mamografi | Fanm ki gen 45 lane oswa plis ki gen risk mwayèn pou fè kansè nan tete | Chak ane pou fanm ki gen 45 a 54 lane; chak 2 zan pou sa ki gen 55 lane oswa plis |
Tès Pap | Fanm ki gen laj 21-65 | Chak 3 lane |
HPV ak Pap | Fanm ki gen laj 30-65 | Chak 5 lane (oswa jis yon Pap tès chak 3 zan) |
Pwostat | Gason: pale ak doktè ou | Gason: pale ak doktè ou |
Lwa Sou Dwa Fanm Nan Koze Sante Ak Kansè
Si w ap konbat kansè nan tete, nou la pou sipòte w nan chak etap nan chemen an, soti nan mamografi rive nan swen kansè a. Avantaj sante w ba w aksè a bon jan kalite swen onkolojik nan anpil nan pi gwo sant tretman kansè nan zòn metwopolitèn New York la, kidonk ou p ap oblije ale andeyò rezo w pou w jwenn swen.
Nou pran an chaj operasyon rekonstriksyon, pwotèz ak lòt sèvis ki gen rapò ak mastektomi.
Daprè plan tretman doktè ou a, ou ap asire pou:
- Rekonstriksyon tete kite sibi yon mastektomi;
- Operasyon ak rekonstriksyon lòt tete a pou reyalize yon aparans simetrik;
- Pwotèz; ak
- Tretman pou konplikasyon fizik ki asosye ak tout etap mastektomi a, ki gen ladan lenfedèm.
Avantaj sa yo founi gras ak Fon Avantaj Swen Adomisil 1199SEIU . Asirans yo sijè ak règ ki gen rapò ak sa, esklizyon ak limit ka aplike anba Plan yo, jan lalwa pèmèt li an.
Jwenn èd ou bezwen an
Findhelp.org se prensipal rezo swen kominotè pou jwenn sèvis gratis oswa a ba pri toupre kote w ap viv oswa toupre travay ou. Ekip nou an te pèsonalize motè rechèch la pou l plis rafine pou ou. Vizite findhelp.1199SEIUBenefits.org epi tape kòd postal ou a pou jwenn yon lis resous pratik ki ka ede w jwenn lojman oswa èd alimantè, peye transpò, jwenn èd jiridik ak plis ankò!

BeneStream
BeneStream disponib pou manm Swen Adomisil yo ki travay a tan pasyèl epi ki pa kalifye pou avantaj sante Fon Avantaj lan. Li bay èd enskripsyon gratis pou ede w jwenn aksè nan yon pakèt avantaj piblik ou ka pa t konnen ki disponib pou ou. BeneStream ofri asistans nan plizyè lang, tankou Panyòl, Ris, Chinwa ak Kreyòl Ayisyen, epi pwofesyonèl yo ka oryante w ak fanmi w nan pwosesis enskripsyon an.