Tire Maksimòm Pwofi nan Ranbousman Taks ou a epi Chèche Konnen si w Kalifye pou Kredi Taks Sou Revni Ou Touche a (EITC)

Sezon taks la prèske rive, kidonk pwofite èd pou preparasyon taks la pou asire w ou kapab prepare taks ou yo san danje epi reklame tout kredi ki baze sou revni ak dediksyon ou te touche yo. Sa gen ladann ranpli pou Kredi Taks Sou Revni Ou Touche a (EITC), si w kalifye, ak posiblite pou resevwa yon rediksyon byen merite sou taks ou yo. Gen asistans ki disponib sou plas (pou sèvis an pèsòn ak sèvis pa livrezon) oswa sou òdinatè pèsonèl ou a (pou sèvis sou entènèt yo).

Food Bank for New York City

Si Revni fanmi w pou ane 2022 an pi ba pase $60,000 (ak moun oswa san moun sou kont ou), asosye nou an ki se Food Bank For New York City ap ofri aktivite preparasyon taks gratis. Sèvis preparasyon taks an pèsòn ak sèvis livrezon yo disponib nan lokal yo atravè senk awondisman yo epi ou ka pwofite tou sou sèvis preparasyon taks yo sou entènèt nan konfò lakay ou.

Ariva

Si revni ane 2022 lakay ou te pi piti pase $60,000 (oswa $32,000 si ou selibatè epi si ou pa gen moun sou kont ou), patnè nou an ki se Ariva ap ofri kèk aktivite preparasyon taks gratis. Ou ka chwazi pou itilize sèvis preparasyon taks yo an pèsòn oswa pa livrezon nan divès lokal atravè Bronx. Si revni ane 2022 lakay ou te pi piti pase $65,000 (oswa $45,000 si ou selibatè epi si ou pa gen moun sou kont ou), yo ofri sèvis preparasyon taks sou entènèt nan konfò lakay ou.

Preparasyon Taks Gratis nan Vil New York

Si revni ane 2022 lakay ou te pi piti pase $80,000 (oswa $56,000 si ou selibatè epi si ou pa gen moun sou kont ou), Biwo Otonomizasyon Finansyè Depatman Zafè Konsomatè Vil New York lan ap ofri aktivite preparasyon taks gratis. Ou ka chwazi sèvis preparasyon taks an pèsòn oswa pa livrezon nan lokal atravè tout senk awondisman yo epi ou ka pwofite tou de sèvis preparasyon taks yo sou entènèt nan konfò lakay ou.

Reklame EITC Pa w la

Vin dekouvri si revni w koresponn ak egzijans EITC a atravè gid taks 2022 an ki nan lis anba a:

  • Revni pi ba pase $53,057 ($59,187 si w marye, ranpli yon deklarasyon konjwent), ak twa oswa plis timoun ki sou kont ou
  • Revni an pi ba pase $49,399 ($55,529 si w marye, ranpli yon deklarasyon konjwent) ak de timoun ki sou kont ou
  • Revni an pi ba pase $43,492 ($49,622 si w marye, ranpli yon deklarasyon konjwent) ak yon sèl timoun ki sou kont ou
  • Revni an pi ba pase $16,480 ($22,610 si w marye, ranpli yon deklarasyon konjwent) ak okenn timoun sou kont ou
  • Si Revni Fanmi w Pi Ba Pase $80,000, Ou Kapab Vizite Youn nan Òganizasyon sa yo pou Preparasyon Taks Gratis nan Senk Awondisman yo

    Si ou gen dediksyon espesifik oswa yon fòm deklarasyon taks ki ka konplèks, rele oswa voye yon imèl bay òganizasyon preparasyon taks ou chwazi a pou konfime ke yo ka ba ou preparasyon taks gratis.

    Ou KAPAB resevwa asistans gratis pou preparasyon taks ou a menm si ou detaye dediksyon sa yo:

    • Depans medikal ak dantè
    • Taks leta ak lokal sou pwopriyete oswa lavant ou te peye yo
    • Enterè sou ipotèk ou a ak/oswa envestisman ou yo
    • Don pou charite
    • Sèten depans ki gen rapò ak travay

    Ou PA KAPAB resevwa asistans preparasyon taks gratis si:

    Pou tout sèvis an pèsòn ak sèvis pa livrezon, Food Bank For New York City ak Ariva mande yon randevou. Kèk sit preparasyon taks nan New York mande randevou tou. Anplis de sa, ou ka oblije swiv direktiv sekirite COVID-19, tankou mete yon mask ak distans sosyal nan tout sit yo.

    Opsyon 1: Sèvis Preparasyon Taks An Pèsòn (Sou Randevou Sèlman)

    Ranpli Deklarasyon Taks ou yo Avèk Èd yon Ekspè Taks

    Sèvis an pèsòn ak pou w deklare taks ou yo elektwonikman (e-filing) disponib gratis nan sant preparasyon taks yo. Yon preparatè taks sètifye nan Internal Revenue Service (IRS) ap ede ou ranpli yon deklarasyon taks ki kòrèk. Preparatè taks la ap revize enfòmasyon ou yo avèk ou epi ede w ranpli deklarasyon taks ou a, epi aplike pou EITC a si w kalifye.

    Food Bank For New York City ap bay sèvis sa a si revni kay ou pou ane 2022 an te pi ba pase $60,000 (avèk oswa san moun ki pa sou kont ou). Randevou yo obligatwa. Pou w konnen lokasyon ak lè yo louvri, epi pou pran yon randevou, vizite www.FoodBanknyc.org/taxhelp/. Si ou gen kesyon, rele (646) 981-6111.

    Ariva ap ofri sèvis sa a tou nan divès lokal nan vil Bronx si revni fanmi w pou ane 2022 an te $60,000 oswa pi piti (oswa $32,000 oswa pi piti si w selibatè epi ou pa gen okenn moun sou kont ou). Randevou yo obligatwa. Pou w pran yon randevou, rele (718) 292-2983 oswa voye yon imèl nan [email protected].

    Preparasyon taks gratis nan vil New York, Biwo Otonomizasyon Finansyè Depatman Zafè Konsomatè Vil New York lan pral ofri sèvis sa a si revni fanmi w pou ane 2022 an te pi piti pase $80,000 (oswa $56,000 oswa pi piti si ou selibatè epi ou pa gen okenn moun sou kont ou). Gen kèk lokal ki mande randevou. Pou w konnen lokasyon ak lè yo louvri, epi pou pran yon randevou, vizite www1.nyc.gov/site/dca/consumers/file-your-taxes.page.

    Opsyon Sou plas 2: Sèvis Preparasyon Taks Pa Livrezon (Sou Randevou Sèlman)

    Deklare taks ou yo elektwonikman avèk yon èd sou plas

    Sèvis an pèsòn ak pou w deklare taks ou yo elektwonikman (e-filing) disponib gratis, nan sant preparasyon taks yo. Lè w depoze dokiman sou revni ak taks ou yo yon preparatè taks sètifye pral eskane yo pou taks ou yo ka prepare aprè sa. Preparatè taks la pral rele w pou l revize enfòmasyon ou yo epi ede w ranpli deklarasyon taks ou a, epi aplike pou EITC a si w kalifye.

    Food Bank For New York City ap bay sèvis sa a si revni kay ou pou ane 2022 an te pi ba pase $60,000 (avèk oswa san moun ki pa sou kont ou). Randevou yo obligatwa. Pou w konnen lokasyon ak lè yo louvri, epi pou pran yon randevou, vizite www.foodbanknyc.org/taxhelp/. Si ou gen kesyon, rele (646) 981-6111.

    Ariva ap ofri sèvis sa a tou nan divès lokal nan vil Bronx si revni fanmi w pou ane 2022 an te pi ba pase $60,000 (oswa $32,000 si w selibatè epi ou pa gen okenn moun sou kont ou). Randevou yo obligatwa. Pou w pran yon randevou, rele
    (718) 292-2983 oswa voye yon imèl nan [email protected].

    Preparasyon taks gratis nan vil New York, Biwo Otonomizasyon Finansyè Depatman Zafè Konsomatè Vil New York lan pral ofri sèvis sa a si revni fanmi w pou ane 2022 an te pi piti pase $80,000 (oswa $56,000 oswa pi piti si ou selibatè epi ou pa gen okenn moun sou kont ou). Gen kèk lokal ki mande randevou. Pou jwen enfòmasyon konsènan lokasyon, lè ak randevou vizite www1.nyc.gov/site/dca/consumers/file-your-taxes.page.

    Men kijan sistèm pou w deklare taks ou yo elektwonikman an fonksyone:

    1. Se sèlman moun (yo) k ap ranpli taks yo ki pral gen pèmisyon pou antre nan lokal la (eksepte sèlman moun k ap bay swen ak timoun). W ap bezwen pote tou tout sa ki endike nan seksyon an “Sa W Bezwen Pou w Prepare Taks Ou Yo.”
    2. Yon volontè nan lokal la pral verifye idantite w, revize dokiman ki gen arevwa ak revni w ak taks ou yo epi mande w ranpli yon fòmilè enskripsyon.
    3. Yo pral analize dokiman ou yo an sekirite pou yon preparatè taks sètifye ka travay sou deklarasyon ou an pita.
    4. Preparatè taks sètifye w la ap rele w nan espas 48 jiska 72 èdtan pou l revize deklarasyon taks ou a epi konplete pwosesis pou w deklare taks ou yo elektwonikman.
    5. Deklarasyon taks ou a pral depoze elektwonikman! Ou dwe gen aksè a yon òdinatè ak yon adrès imèl, paske yo pral voye lyen ki mennen nan deklarasyon taks ou ranpli a ba ou. Si ou pa gen yon adrès imèl ki aktif, w ap resevwa yon randevou pou pran yon kopi deklarasyon taks ou a.

    Opsyon 3: Sèvis Preparasyon Taks sou Entènèt

    Depoze Taks Ou yo A Distans

    Toutotan revni fanmi w pou ane 2022 an pi ba pase $60,000 (avèk oswa san moun pa sou kont ou), Food Bank For New York City ofri yon pwogram gratis Asistans Taks sou Revni Benevòl (Virtual Volunteer Income Tax Assistance, Virtual VITA) pou yon deklarasyon elektwonik pratik depi lakay ou. Vizite www.FoodBankNYC.org/taxhelp pou pliis enfòmasyon.

    Ariva ap ofri sèvis sa a gratis toutotan revni fanmi w pou ane 2022 an te pi ba pase $65,000 (oswa $45,000 si w selibatè epi ou pa gen okenn moun sou kont ou). Imèl [email protected] pou aprann konnen kijan pou ranpli sou entènèt depi lakay ou.

    Si revni fanmi w pou ane 2022 an te pi piti pase $80,000 (oswa $56,000 oswa pi piti si ou selibatè epi ou pa gen okenn moun sou kont ou), Biwo Otonomizasyon Finansyè Depatman Zafè Konsomatè Vil New York pral ofri sèvis sa a atravè preparasyon Taks gratis nan vil New York Pou yon lis founisè vizite www1.nyc.gov/site/dca/consumers/file-your-taxes.page.

    Men kijan sistèm pou w deklare taks ou yo elektwonikman an sou entènèt lan fonksyone:

    1. Ou dwe gen aksè a yon òdinatè, yon adrès imèl ak yon telefòn selilè (preferab yon smatfòn) pou itilize opsyon sa a.
    2. W ap resevwa yon randevou pou yon tchat videyo, pandan ki w ap verifye idantite w.
    3. Lè sa a, yo pral mande w ranpli yon fòm admisyon sou entènèt epi telechaje dokiman ki gen rapò ak revni epi taks ou yo atravè yon lyen ki sekirize.
    4. Yon Egzaminatè Kalite, ki se yon preparatè taks sètifye, ap rele w pou revize epi konfime enfòmasyon ki nan deklarasyon taks ou a.
    5. Aprè kontwòl kalite a, yo pral mande w pou w siyen yon otorizasyon pou w ranpli deklarasyon taks ou a pou pèmèt yo voye l eletwonikman Lè sa a, w ap resevwa yon imèl ki gen lyen ki mennen nan deklarasyon taks ou te ranpli a.

    Lòt Resous Pou Asistans Taks sou Plas

    Sit Asistans Taks Volontè (VITA) Toupre w

    Si ou pa ka jwenn yon sit pratik toupre w, genyen lòt Sit Asistans Taks Volontè (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) ki ofri asistans pou preparasyon Taks gratis Senpleman rele liy dirèk VITA Site Locator nan (800) 906-9887 oswa itilize VITA Site Locator Tool pou jwenn lokal VITA ki pi pre a epi jwenn lè ouvèti a ak nimewo kontak yo.

    AARP Foundation Tax-Aide

    AARP Foundation Tax-Aide ofri sèvis preparasyon taks an pèsòn ak sou vityèl gratis pou kontribyab ki gen revni ki ba ak modere, espesyalman moun ki gen 60 lane oswa plis. Pou plis enfòmasyon, vizite https://taxaide.aarpfoundation.org. (Asire w ou li seksyon ki eksplike dokiman ou bezwen pou prepare taks ou yo). Ou kapab rele AARP tou nan (888) 687-2277 pou w jwenn lokal ki toupre w la.

     

    Pou Plis Enfòmasyon, Enkli Lokal Preparasyon Taks Gratis yo

    Pou Manm National Benefit Fund ak Greater New York Benefit Fund yo

    (In English, en español)
    Sit Preparasyon Taks: Long Island | New Jersey | Westchester

    Pou Manm Swen Adomisil yo,

    Kèlkeswa sitiyasyon w, tout manm Swen Adomisil yo elijib pou jwenn èd gratis pou preparasyon taks—menmsi ou pa resevwa avantaj sante.
    (In English, en español, На русском языке, nan lang Kreyòl, 中文)
    Sit Preparasyon Taks: Long Island | New Jersey | Westchester