Biwo Preparasyon Taks pou Gratis nan New Jersey

Tire Maksimòm Pwofi nan Ranbousman Taks ou a epi Chèche Konnen si w Kalifye pou Kredi Taks Sou Revni Ou Touche a (Earned Income Tax Credit, EITC)

Si revni fanmi w pou ane 2022 te pi ba pase $59,000, Pwogram VITA IRS la ap ofri sesyon preparasyon taks gratis atravè New Jersey. Ekspè taks yo pral detèmine si ou kalifye pou Kredi Taks sou Touche a (EITC), epitou y ap ede ou ranpli fòm taks ou yo.

Rele 211 oswa liy dirèk VITA Site Locator nan (800) 906-9887 pou jwenn yon kote toupre w. Ou ka jwenn yon sit preparasyon taks gratis tou pre w lè w vizite irs.treasury.gov/freetaxprep/.

Pou plis enfòmasyon, ou ka rele sit la dirèkteman oswa vizite sit entènèt IRS la.

Aprann plis epi wè ki dokiman ou bezwen pou prepare taks ou yo.