Tire Maksimòm Pwofi nan Ranbousman Taks ou a epi Chèche Konnen si w Kalifye pou Kredi Taks Sou Revni Ou Touche a (Earned Income Tax Credit, EITC)
Pwogram Asistans Taks sou Revni benevòl (VITA) IRS la ofri sesyon preparasyon taks gratis atravè Bethpage Federal Credit Union.
Si revni fanmi w pou ane 2022 an te pi ba pase $60,000, Bethpage Federal Credit Union ap ofri sèvis Virtual VITA apati premye (1ye) fevriye jiska 6 avril 2022. Pou jwenn aksè nan sèvis sa yo, ranpli aplikasyon Bethpage Virtual VITA nan www.bethpagefcu.com/vita. Pou jwenn mizajou oswa plis enfòmasyon, ou ka kontakte Devlopman Kominotè a nan [email protected] oswa (516) 349-4288.
Ou kapab tcheke tou sitwèb IRS la pou konnen lokasyon preparasyon taks gratis yo.
Aprann plis epi wè ki dokiman ou bezwen pou prepare taks ou yo.