Sit Preparasyon Taks nan Long Island

Jwenn Maksimòm Ranbousman Taks ou a epi Chèche Konnen si w Kalifye pou Kredi Taks sou Revni ou te Touche (EITC)

Pwogram Asistans Volontè pou Taks sou Revni (VITA) IRS la ap ofri preparasyon taks gratis atravè FourLeaf Federal Credit Union (ki te rele Bethpage Federal Credit Union). Yo pral ofri sèvis yo sèlman sou randevou.

Si revni kay ou an 2025 te pi ba pase $70,000 dola, FourLeaf Federal Credit Union ap ba ou sèvis VITA an pèsòn ak sou entènèt. Dat, lè ak kote yo ap varye. Pou w gen aksè ak sèvis sa yo, ranpli aplikasyon Bethpage Virtual VITA a.

Pral gen yon kantite randevou an pèsòn limite ki disponib nan kèk kote kominotè nan konte Nassau ak Suffolk. Ou ka wè kote kominotè yo chwazi lè w ap pran randevou w la oubyen lè w ap vizite Paj preparasyon taks gratis IRS la. Vizite Sit entènèt FourLeaf la pou dènye nouvèl ak plis enfòmasyon. Si ou gen nenpòt kesyon, kontakte Angajman Kominotè a lè w voye yon imèl nan vita1@fourleaffcu.com oswa rele (516) 349-4289.

Ou ka vizite tou Sit entènèt IRS la pou sit preparasyon taks gratis.

Jwenn plis enfòmasyon epi wè ki dokiman ou bezwen pou prepare taks ou yo.