Anpli deklarasyon Enpo Ou Yo Avèk Èd Yon Profesyonèl Nan Zafè Enpo

Food Bank For New York City ap bay sèvis sa a si revni kay ou pou ane 2021 an te pi ba pase $60,000 (avèk oswa san moun ki pa sou kont ou). Randevou yo obligatwa, epi ou dwe bay prèv vaksen konplè w la pou w ka jwenn sèvis an pèsòn. Pou w konnen lokasyon ak lè yo louvri, epi pou pran yon randevou, vizite www.FoodBanknyc.org/taxhelp/. Si ou gen kesyon, rele (646) 981-6111.

Ariva ap ofri sèvis sa a tou nan divès lokal nan vil Bronx si revni fanmi w pou ane 2021 an te $58,000 oswa pi piti (oswa $32,000 oswa pi piti si w selibatè epi ou pa gen okenn moun sou kont ou). Randevou yo obligatwa, epi ou dwe bay prèv vaksen konplè w la pou w ka jwenn sèvis an pèsòn. Pou w pran yon randevou, rele (718) 292-2983 oswa voye yon imèl nan [email protected].

Preparasyon taks gratis nan vil New York Biwo Otonomizasyon Finansyè Depatman Zafè Konsomatè Vil New York lan pral ofri sèvis sa a si revni fanmi w pou ane 2021 an te pi piti pase $72,000 (oswa $50,000 oswa pi piti si ou selibatè epi ou pa gen okenn moun sou kont ou). Gen kèk lokal ki mande randevou.

Pou w konnen lokasyon ak lè yo louvri, epi pou pran yon randevou, vizite www1.nyc.gov/site/dca/consumers/file-your-taxes.page.